Pòtoprens, samdi 21 dawout 2021.- Uit (8) jou apre yon tranblemann tè te frape rejyon Sid peyi a, Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la, doktè Jerry Chandler, vizite yon lòt fwa ankò plizyè komin nan depatman Nip, Sid ak Grandans.
Nan mitan jounen samdi 21 dawout la, doktè Chandler rankontre majistra yo ak manm komite kominal @Pwoteksyonsivil yo pou pran enfòmasyon sou jan sitiyasyon an ap evolye epi pou pataje ansanm ak yo tout dispozisyon ki pran pou operasyon repons yo kontinye kòmsadwa. Konsa li pase Manich, Lèzanglè (Sid) ak Baradè (Nip) epi li tou pwofite voye je gade Pestèl ak jan sitiyasyon pon Estime a ye nan rantre vil Jeremi.
Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la pale ak kèk moun nan popilasyon an e li ba yo garanti Pwoteksyon Sivil ak patnè li yo ap kontinye pote yo asistans. Nan sans sa a, Sant Nasyonal Operasyon Ijans Nasyonsal la, ki te aktive touswit apre tè a te fin tranble 14 dawout la, fè tout sa ki posib pou èd la rive sou popilasyon an kòmsadwa. Byen yo pase sou wout, sou lanmè ak anlè pou rive nan kominote tranblemann tè a te frape yo.
Dapre Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la, sa ki pi enpòtan kounya se ba moun yo yon kote pou yo rete toujou, sitou nou nan sezon siklòn ; kontinye pran swen yo, sitou moun ki blese yo ; bay sila ki plis nan bezwen yo dlo ak manje.
Doktè Chandler tou presize ke peyi a gentan resevwa bon kou èd. Kounya tout jefò k ap fèt se pou fè èd sa yo rive nan kominote yo, kote ekip Pwoteksyon Sivil yo ap fè distribisyon yo. Sant Operasyon Ijans lan jwenn yon gwo bourad nan men Lame peyi Etazini pou mennen yon gwo pati nan operasyon sa yo.
-FEN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !