Vijilans wouj : Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an pou abrite l pandan pasaj siklòn Elsa

Kominike #5

Pòtoprens, samdi 3 jiyè 2021.- Sant Operasyon Ijans Nasyonal la mande popilasyon an pou li fè tout sa li kapab pou abrite l pandan pasaj siklòn Elsa, ki deja rive sou kot Sidès peyi a.

Meteyo prevwa tanpèt twopikal Elsa – li pa ouragan ankò depi maten – ka lakoz anpil lapli tonbe nan rejyon Sid peyi a (150 mm nan plenn rive 200 mm nan mòn), gwo rafalvan ak lanmè monte. Anplis, siklòn nan ka lakòz inondasyon sanzatann, deboulonnay tè, glisman teren, koule labou, inondasyon sou bòdmè yo pandan pasaj li jodia.

Direksyon teknik Sant lan, ki aktive konplètman depi byen bonè maten an, mande tout moun ki rete nan zòn danje yo, tankou bò lanmè, pre larivyè, nan flan mòn ak kote ki abitye inonde, pou yo ale prese prese yon kote ki pi asire. Pou moun ki pa rete nan zòn gwo danje yo, Direksyon an mande pou yo chèche wout kay yo epi abrite yo kote ki pi solid la.

Li raple moun k ap evakye yo pou yo ale kay yon pwòch ki pi asire pito. Sa ap ede moun k ap jere abri pwovi

zwa yo fè travay la pi byen epi akeyi moun ki pi frajil yo. Nou sonje, depi ane pase, Sekretarya Pèman k ap jere Risk ak Dezas te pran plizyè dispozisyon, parapòta maladi kowonaviris la, pami yo diminisyon kantite moun y ap resevwa nan abri yo.

Sant Operasyon Ijans Nasyonal lan tou pwofite enfòme popilasyon an Sant Previzyon Meteyo Inite nan Idwometeyo Ayiti ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, Ofis Nasyonal Avyasyon Sivil, Otorite Ayewopò Nasyonal ak Sèvis Maritim ak Navigasyon Ayiti entèdi jiska nouvèlòd vòl ak anbakasyon ki prale oswa ki soti nan pò ak ayewopò nan rejyon Sid peyi a.

-FINISMAN-

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<