Vijilans oranj : depresyon twopikal Grace vanse rive sou kòt Sid Ayiti.-

Pòtoprens, lendi 16 dawout 2021.- Kounya Ayiti anba vijilans oranj akoz anpil lapli, loray ak rafal van depresyon twopikal Grace ka pote, pandan l ap pase apremidi a ak aswè a sou preskil Sid peyi a, ki fenk pran frap yon gwo tranblemann tè mayitid 7.2, samdi 14 dawout la.

Dapre previzyon meteyo yo, depresyon twopikal la te twouve li maten an a 140 kilomèt osidès Pòtoprens epi a anviwon 235 kilomèt alès vil Okay. Li t ap mache ak yon vitès 24 kilomèt alè.

Siklòn Grace ka lakòz glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon sitou nan depatman Sant, Latibonit, Lwès, Grandans, Sid ak Nip. Sitiyasyon an pi difisil nan twa dènye depatman sa yo, kote tranblèmann tè a te deja lakòz gwo glisman teren ak deboulonnay epi mete anpil moun nan lari.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas yo ap mande popilasyon an pou li evite tout zòn danje tankou ravin, rivyè, flan mòn ak bò lanmè. Lè n ap evakye, pinga ale nan kay ki kraze ak andomaje yo, ni nan sa ki gen mi yo makefann.

Nan moman difisil sila, li bon anpil pou nou kontinye fè solidarite sitou lè n ap evakye. Sonje grandèt, timoun, moun ki andikape ak lòt moun ki an difikilte yo. Epi kontiye swiv ak aplike konsiy otorite yo bay nan moman siklòn ak tranblemann tè.

 

-FEN-

Tagués

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<