KOMINIKE POU LAPRÈS
Pòtoprens, 16 septanm 2022.-Byen bonè maten vandredi 16 septanm lan, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, Inite idwometeyolojik Ayiti ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas deside mete Ayiti anba vijilans jòn poutèt tanpèt twopikal Fiona ki kapab frape peyi a nan lannwit lendi 19 pou rive madi 20 Septanm k ap vini an.
Maten an, fenomèn sila te twouve l a 425 kilomèt ti Zanti yo. Tanpèt twopikal Fiona t ap deplase nan direksyon Ès-Sidès ak yon vitès 24 kilomèt alè. Li pote gwo van ki ka vire jiska 85 kilomèt alè.
Dapre Inite Idwometeyowolojik Ayiti, mitan (Je) siklòn nan ka rive sou kòt Nò peyi a nan lannwit lendi pou rive madi 20 septanm k ap vini an. Menm si li ka pèdi fòs lè l ap travèse Dominikani, tanpèt Fiona ka pote bon kou lapli (100 rive 380 milimèt), sitou nan mòn yo. Sa ki ka lakòz inondasyon, gwo rafal van epi gwo lanmè sou kòt Nò peyi a ak nan gòf Lagonav.
Poutèt sa, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an pou :
– Kontinye suiv nouvèl meteyo ;
– Suiv konsiy otorite yo ;
– Mete manje ki p ap gate nan kay la ;
– Prepare pou w deplase ale yon kote ki pi asire si w rete nan zòn ki konn inonde, kote ki konn genyen glisman teren, deboulonnay, tankou bò lanmè, ravin, rivyè ak nan flan mòn.
Pwoteksyon Sivil ap tou raple moun ki konn pran lanmè, pechè, kaptenn bato, Sèvis maritim ak navigasyon Ayiti ansanm ak Inite Idwometeyowolojik pral entèdi, pou yon ti tan, tout aktivite kabotaj sou kòtNò peyi a ak nan gòf Lagonav poutèt move kondisyon lanmè.
–FINANSMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !