Vijilans jòn sou Ayiti akoz pasaj depresyon twopikal nimewo 22 sou Karayib la

Vandredi 17 novanm 2023.- Inite Idwometeyowolojik ansanm ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ki fè pati Sistèm Nasyonal k ap Jere Risk Dezas an Ayiti lanse vijilans jòn akoz pasaj yon depresyon twopikal sou Lanmè Karayib la depi wikenn sa kòmanse. Fenomèn sa a deja lakoz kondisyon move tan sitou nan depatman Sid, Grandans ak Sidès.

Daprè previzyon meteyowolojik yo, depresyon twopikal sila kapab tounen yon Tanpèt twopikal nan mitan jounen an.

Pou kounya, li twouve li a 515 kilomèt Jamayik ak posiblite pou l dirije l nan direksyon nòdès pandan wikenn nan.

Depresyon twopikal sa a kapab pwovoke gwo lapli, gwo van epi lakoz lanmè yo ajite sitou nan depatman Sid, Sidès, Nip ak Grandans. Apati samdi, fenomèn sila kapab afekte pifò depatman yo pandan l ap pran direksyon Kiba.

Fas ak menas gwo lapli yo, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas kenbe vijilans jòn poutèt posiblite pou gen inondasyon, glisman teren, eboulman ak move kondisyon sou lanmè nan depatman ki sible yo.

Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas mande popilasyon an, sitou sila ki twouve yo nan zòn malè pandye yo rete vijilan. Kontinye fè nouvèl, suiv bilten meteyo k ap pataje avan, pandan ak apre pasaj ond twopikal sa a.

Sezon siklòn nan poko fini. Toujou kontinye prepare n !!!!

-FEN-

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<