Pòtoprens, madi 10 dawout 2021.- Ayiti toujou anban vijilans jòn parapòta bonkou lapli, loray ak rafal van sizyèm depresyon twopikal sezon siklòn nan riske pote sou peyi a, demen mèkredi 11 dawout la. Se rejyon Nò, Lwès, Sid ak Sidès Ayiti ki plis konsène.
Dapre Inite Idwometeyowolojik la, siklòn nan k ap deplase nan direksyon lwès-nòdwès ak yon vitès 30 kilomèt alè, kapab rive tou pre kòt Nò peyi a demen mèkredi 11 dawout la, nan maten. Apremidi a, depresyon twopikal la te twouve li a 240 kilomèt osidès Pòtoriko. Li ka tounen yon tanpèt twopikal anvan jounen an fini.
Fenomèn sila ka lakòz glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon sitou nan zòn Nò peyi a. Se poutèt sa, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas yo ap kontinye mande popilasyon an pou rete veyayif, swiv enfòmasyon meteyo yo epi mete an pratik konsiy otorite yo, anvan siklòn nan pase, pandan lap pase epi apre li fin pase.
–FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !