Mèkredi 23 dawout 2023.- Sekretarya Pèmanan k ap jere risk ak dezas yo leve ofisyèlman nivo vijilans jòn ki te sou Ayiti akoz pasaj tanpèt twopikal FRANKLIN an.
Sant tanpèt twopikal FRANKLIN ap kite Ayiti nan finisman jounen an. Pou kounya, FRANKLIN twouve l nan yon distans 65 kilomèt Dominikani.
Selon previzyon yo, tanpèt twopikal FRANKLIN pa menase Ayiti.Toufwa, aktivite lapli yo kapab kontinye sou plizyè depatman aswè a pou rive demen. Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, toujou pran anpil prekosyon epi kontinye respekte konsiy sekirite yo parapòta inondasyon – sitou inondasyon bridsoukou – deboulonnay tè, glisman teren ak move kondisyon lanmè.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap kontinye swiv jan sitiyasyon an ap evolye epi li garanti popilasyon an l ap kontinye kanpe bò kote l nan bon tan tankou nan sitiyasyon difisil yo.
-Finisman-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !