Tranblemann tè: Sa li ye e sa ki lakòz li

Sa nou dwe konnen

Tranblemann tè

Yon tranblemann tè, se le yon gwo sekous fet sanzatann andann tea, Ii fe te ya tranble . Li ka koze anpil dega akoz onn elastik ki ap gaye depi kote I komanse yajiska nenpot ki kote sou te a.

Tranblemann tè yo gen orijin tektonik, volkanik, antropik. Yo swiv fwontye plak tektonik yo ki toujou an mouvman (yo deplase kek santimet chak ane).

Planet tea gen 14 plak tektonik. Plak Karayib la, se yon ti plak ki nan mitan 4 gwo plak : Kakos, Nazka , Amerik Sid ak Amerik No. Aktivite sou tranblemann te ki touche Ayiti soti nan relasyon deplasman plak Karayib la ak reyaksyon lot plak ki pi pwoch Ii.

Plak Karayib la, poujan Ii ye a, ap deplase nan direksyon Les, vites Ii se 2.5 cm chak lane.

Plak yo fe ale vini youn sou lot, se yon bagay konplike kote gen yon ti enteval chak fwa nan mouvman sa a.

Mayitid, se mezi ki mezire kantite eneji ki soti nan mouvman tea pandan yon tranblemann te. Yon tranbleman te, ki gen mayitid 7 tankou sa 12 janvye 2010 la, degaje anviwon 30 fwa plis eneji ke yon tranbleman te mayitid 6, oswa anviwon 1000 fwa eneji ke yon tranblemann te mayitid 5.

Kisa nou dwe fè

Previzyon ak prevansyon

  1. Bon jan konstriksyon. Suiv prensip pou konstriksyon parasismik ki ap fose Achitek, antreprene, finansye ak asire fe prevansyon pou tranblemann te, yon jan pou Iimite dega.

  2. . Edikasyon ak sansibilizasyon popilasyon an.

  3. Siveyans tranblemann te

Nou dwe tabli yon rezo moun ak mwayen pou siveye tranblemann te an Ayiti . Sa ka ranfose epi konplete rezo k ap kontwole tranblemann te nan Karayib la. Yon rezo konsa ka eden pi byen konnen tou zon ki pi riske yo.

  1. Plan sovtaj (Plan pou save moun (plan kominal, plan depatmantal, plan nasyonal)