Sa nou dwe konnen
Saki rive pandan tranblemann tè
Si nou pre zon santral tranblemann tè a, sa yo rele episant Ian, mete nan tet noun ap tande yon gwo bri, apre se sekous yo (soukaj yo).
Tranblemann tè a pote konsekans endirek tankou afeblisman tea, glisman te a ak gwo mouvman Ianme nou rele sounami.
Le tè a tranble, Ii vibre, yo rele sa onn sismik. Onn sismik Ian ka fann e fisire kay yo. Plis onn sismik yo ap rive lwen, plis yap pedi fas, men yo gen gwo konsekans yo sou tea ki ka fann, vinn tankou labouyi.
Konbyen tan yon tranblemannn tè ka dire?
Yon tranblemann tè ka dire kek segonn (ti tranblemann te) oswa kek minit (gwo tranblemann te)
Apre sekous ki pi fa a, lot sekous ka vini men yap gen mwens fas, nou rele yo replik. Replik sa yo rive pandan te ap reprann plas Ii apre premye chok Ian.
Ki domaj tranblemann tè a bay?
Le gen tranblemnann tè, sekous yo fe fondasyon kay yo krake ki koz yo ka panche oswa tonbe; anpil moun ka mouri, anpil byen ka pedi epi anpil dega ka fet nan anviwonman an.
Selon fas tranblemnann tè, nou kajwenn:
-
Bagay lou tonbe sou moun, fenet ak vit kay kraze;
-
Poto ak fil kouran ton be, fil sa yo ka met dife, touye moun; eksplozyon ka fet tou. Tranblemann te pa touye moun men se konsekans yo ki touye moun!
Tranblemann tè nan dat 7 me ak 10 me nan lane 1842, ak mayitid 9, te demantibile vii Okap, te gen 5 mil moun ki mouri sou 10 mil kretyen vivan; Ii te vini ak gwo mouvman Ianme (radmare). Pale Sansousi ate pran gwo chok tou nan vii Milo. Te gen radmare tou nan Potoprens ak nan Podpe.
Tranblemann tè 12 janvye 2010 late gen mayitid 7, Ii te frape Ayiti ak gwo konsekans: Ii detwi lavi anpil moun, Ii kite deye Ii 220 mil kadav, 2 milyon moun ki pedi kay, 500 mil moun ki deplase kite zon yo te rete a; Ii te pote tou grangou, mize, e latriye. Li detwi pifo Biwo leta yo nan vii Potoprens, Leyogan, Jakmel kote anpil anplwaye Leta pedi lavi yo.
Sekous ak replik tranblemann tè
Le yon tranblemann tè fin pase, tankou sa ki te pase 12 janvye 2010 la (mayitid 7.0),lot sekous oubyen replik ka fet anko.
Nan pifo ka yo, replik yo ap pi feb pase premye chok Ian (yo ka genyen anviwon 6 degre nan echel Ritcher a pou yon tranblemann tè ki gen mayitid 7). Vibrasyon replikyo ap pi feb pase premye sekous la.
Replik yo nomal, yo pi feb pase tranbelemann te, yo pa anonse yon lot tranblemann te. Replik yo vie di ke kouch tea ap reprann plas Ii apre te a fin tranble.

Echèl Richter
Sa nou riske pedi
Risk tranblemann te reprezante gwo gwo danje. Sa nou riske pedi di le gen tranbleman te anpil anpil tau.
-
Nou riske pedi moun :
Tranblemann te se menas natirel ki touye anpil anpil moun deja, non selman ak dega Ii fe limenm (bagay k ap sot anle ton be ate , kay k ap ton be), men tau ak lot danje Ii pate tankou glismann te, inondasyon, radmare, sounami, dife e latriye . Akote moun ki ka mouri, anpil moun ka blese grav san konte lot moun ki pedi kay yo, ki dwe deplase al chache yon lot kote pwoviswa pou yo rete.
-
Nou ka pedi tout ekonomi nou te fe
Si sa paret difisil pou mezire konsekans sosyal, sikolojik ak politik le gen tranblemann te an Ayiti, Ii fasil net pou mezire konsekans ekonomik yo, keseswa nan kominote ya oubyen nan tout peyi ya. Yon tranblemann te, ak tout lot gwo danje ki swiv Ii ou ki mache ak Ii, ka kraze brize, andomaje epi fisire kay, oswa kraze gwo travay Leta fe (pan, wout, baraj...)
Pi gwo danje ki vini ak tranblemann te, se dega ki ka fet, ak konsekans sa ka genyen plizye kote nan peyi ya. Pou we jan dega yo ka grav, yo sevi tau ak yon mezi yo rele « Echel Makro Sismik (EMS)». Echel sa a gen plizye nivo, chak koresponn ak gwose dega tranblemann tea ka fe.
Echèl makwosismik pou peyi Ewòp yo (EMS 98)
Kisa nou dwe fè
Previzyon ak prevansyon
-
Bon jan konstriksyon. Suiv prensip pou konstriksyon parasismik ki ap fose Achitek, antreprene, finansye ak asire fe prevansyon pou tranblemann te, yon jan pou Iimite dega.
-
. Edikasyon ak sansibilizasyon popilasyon an.
-
Siveyans tranblemann tè
Nou dwe tabli yon rezo moun ak mwayen pou siveye tranblemann te an Ayiti . Sa ka ranfose epi konplete rezo k ap kontwole tranblemann te nan Karayib la. Yon rezo konsa ka eden pi byen konnen tou zon ki pi riske yo.
-
Plan sovtaj (Plan pou save moun (plan kominal, plan depatmantal, plan nasyonal)
Nan ka tranblemann tè
-
Si ou anndan gwo kay tankou magazen, lekol, legliz…) pa kouri soti. Pa rete bo kote etaje (yo gen bagay ki ka ton be).
-
Pa rete bo kot fenet.
-
Le gen tranblemann te nou dwe rete kote nou ye a. Si nou anndan kay, pa eseye soti deyo.
-
Si ou anndan kay, chache pwoteje tet ou:
Chache abrite nou anba yon meb ki solid (tab…), rete akwoupi, chache pwoteje pati tet nou ansanm ak figi nou. Fe sa ak men ou oswa ak bra ou.
-
Ou ka akwoupi tau devan yon miray si pa gen meb solid bo kote ou, toujou pwoteje tet ou ak figi ou. Men pa ale mete ko ou bo kote yon miray ki gen pot ak fenet oswa kote vit ka kraze.
Nanka tranblemann tè (nap kontinye)
-
Le sekous Ian fin pase fak nou aji ak pridans. Fe tout moun kouri soti kite kay la, fak nou fe sa byen vit.
-
Itilize bra nou pou nou pwoteje pati tet nou.
-
Pa Ii men dife.
-
Pa sevi ak telefan, sof si gen ijans.
-
Tande radyo
-
Pa rantre lakay nou san pemisyon otorite/responsab ki la pou sa.
-
Nanka yon ti tranblemann te, apre sekous Ian:
-
Rantre lakay nou ak pridans;
-
Ouve fenet ak pot pou kay la ka pran le.
-
-
Evite pase sou pon yo, sekous la ka andomaje yo san ou pa konnen.
-
Ede vwazinay nou, sitou moun ki pa kapab yo (ti granmoun, moun ankipape, timoun…)
Le gen tranblemann tè (nap kontinye)
-
Si ou deyò, pa antre andann kay. Eseye jwenn kote ki vid e ki lwen danje, pa rete pre kay, ni pre fenet, ni pre kote k gen vit, ni pre poto limye ni pre nempot lot bagay ki ka detwi lavi moun.
-
Si ou pa ka jwenn yon kote ki pa gen danje, akokiye ko ou yon kote ou ka pwoteje pati tèt ou ak figi ou.
Si nou nan lanmè oswa nou pre Ianme
-
Depi nou we Ianme ap kite plaj la, Bay lanme a do epi kouri, kouri san gad deye epi al nan zon ki wo. Saka rive tranblemann te fet nan Ianme a epi Ii pwovoke sounami. Lesa a, vag Ianme yo ka monte diset wote Oiska 60 met anviwon)