Tranbleman tè: Zòn ki an danje yo

Sa nou dwe konnen

Zòn ki gen risk yo

Jeneralman nan Karayib la, nan Gran Zile yo, espesyalamn Ayiti, se rejyon kote oujwenn anpil tranblemann te. Tranblemann te ki ka touye anpil moun epitou ki make listwa d Ayiti : tranblemann te nan lane 1751ak 1770 (mayitid 7.5) ki te demantibile Potoprens an 2 fwa; tranblemann te nan lane 1842 (mayitid 8.0) ki te kraze vii Kap Ayisyen nan zon No peyi a, tranblemann te nan 1887 ak 1904 toujou nan No peyi d Ayiti, Ii te fe anpil dega nan Podepe aknan Okap.

Ayiti gen anpil fay ki pase ladan I men nou ap site 2 pi gwo fay yo:

  • Fay Preskil Sid Ian (fay Anrikiyo, Plantain Garden Fault), yon fay ki pase tau long nan preskil Sid Ian, soti Tibiron rive Pet yonvil; ou jwenn Ii tau nan Sen Domeng nan vale Anrikiyo.

  • Fay Septantriyonal la ki pase nan kot no a (nan Ianme a) e ki ale jouk nan vale Sibawo nan Sendomeng, Ii pase nan menm sans akfay Anrikiyo a.

Tout peyi d Ayiti menase ak tranblemann te, prensipalaman Kapital peyi a, Potoprens, ak dezyem vii peyi a, Okap. Vil sa yo vilnerab anpil, paske yo genyen anpil moun ladan yo, kay yo konstwi san kontwol, san prensip parasismik, pep la manke enfomasyon ak edikasyon, biwo ki la pou bay repons tankou lopital, Sante piblik, Pwoteksyon sivil, Ponpye manke prepare tau.

Tranblemann tea ka repete plizye fwa nan menm zon nan chak 100 lane ou plis. Gen gwo tranblemann te ki pase an Ayiti epi ap gen lot ki ap kontinye pase toujou .

Lasyans Jewoloji montre yon fay se yon plan oswa yon zon kote 2 gwo gwo moso te (plak) ap deplase youn pa rapo ak lot. Plan sa a fe plak la fe yon plak fe2 moso .

Se fay ki an aktivite yo ki reponsab pifo tranblemann te yo. Se le plak yo deplase brid sou kou (pandan kek segonn, oubyen kek dizen segonn), yo lage tout eneji kit ap fe pil pandan tout tan ki pase depi denye tranblemann tea.

Kisa nou dwe fè

Nan ka tranblemann te

  1. Si ou anndan gwo kay tankou magazen, lekol, legliz) pa kouri soti. Pa rete bo kote etaje (yo gen bagay ki ka ton be).

  2. Pa rete bo kot fenet.

  3. Le gen tranblemann te nou dwe rete kote nou ye a. Si nou anndan kay, pa eseye soti deyo.

  4. Si ou anndan kay, chache pwoteje tet ou:

Chache abrite nou anba yon meb ki solid (tab), rete akwoupi, chache pwoteje pati tet nou ansanm ak figi nou. Fe sa ak men ou oswa ak bra ou.

  1. Ou ka akwoupi tau devan yon miray si pa gen meb solid bo kote ou, toujou pwoteje tet ou ak figi ou. Men pa ale mete ko ou bo kote yon miray ki gen pot ak fenet oswa kote vit ka kraze.