Pòtoprens, 14 dawout 2021.- Tè a tranble jodi samdi maten an bò 8è30 nan vil Senlwi, depatman Sid, ak yon mayitid 7.2. Dapre ekip Pwoteksyon Sivil yo, tout depatman nan peyi a santi premye sekous yo. Anpil moun blese, sanble gen moun ki mouri epi kay kraze sitou nan vil Okay (Sid) ak vil Jeremi (Grandans), pami yo otèl “Le manguier”.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ak Sant Obsèvasyon ak Operasyon Enfòmasyon sou Lanmè a ap enfòme tout moun pa gen risk sounami pou moman epi y ap kontinye swiv lanmè a pou enfòme nou.
Direksyon Pwoteksyon Sivil mande tout moun, sitou nan depatman Nip, Grandans ak Sid, pou pran anpil prekosyon poutèt replik ki ka genyen. Ekip li yo mobilize pou kontinye swiv sitiyasyon an epi kontinye enfòme nou.
-FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !