Lendi 21 Dawout 2023:-Tanpèt twopikal FRANKLIN lokalize l nan lanmè Karayib la nan zòn Sid Repiblik Dominikèn. L ap deplase ak yon vitès 19 kilomèt alè pou rejwenn zòn Nò zile Ayiti.
Selon dènye previzyon yo, Tanpèt twopikal FRANKLIN dwe afekte rejyon Sid Ayiti apati demen madi a epi sant tanpèt sila ap travèse tout Ayiti nan mèkredi.
Sou pasaj tanpèt twopikal FRANKLIN, rejyon Sid la ap resevwa anpil lapli ak gwo van pandan jounen madi a. Aktivite lapli yo ap ranfòse sou tout peyi a nan demen mèkredi.
Pou rezon sa yo, Pwoteksyon sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik lanse alèt nivo vijilans jòn sou tout peyi a, fas ak menas gwo van ak lapli ki kapab lakoz inondasyon ak glisman teren nan zòn vilnerab yo.
Pwoteksyon sivil mande popilasyon an rete vijilan epi kontinye suiv bilten meteyowolojik yo, yon fason pou yo konnen ki pi bon fason yo dwe aji fas ak menas gwo van ak lapli yo.
-FEN-
Tanpri swiv nou pou nou jwenn tout dènye enfòmasyon yo :
http://www.facebook.com/pajpwoteksyonsivil
Tweets by Pwoteksyonsivil
www.protectioncivile.gouv.ht
http://www.meteo-haiti.gouv.ht/vigilance.php
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !