Sa nou dwe konnen
Le gen sechrès se dlo ki manke pandan lontan ki fè sa. Sa gen move enpak sou plant, sou bèt (fòn ak flò). Sechrès la ka fè ale vini, tankou li ka rive yon lè konsa epi li fini. Sechrès ka fè dega nan yon kominote, nan yon peyi, nan tout yon kontinan.
Defisi idrik sa a (rae dlo sa a) se konsekans lapli ki fè lontan li pa tonbe. Nou ka agrave sechrès la lè nou ap ponpe dlo soti anba tè, lè nivo nap freyatik la (mas dlo ki anba tè a) bese, lè gen ewozyon epi tè yo degrade, lè li fè anpil chalè elatriye. Lè l fè anpil solèy la seche ti imidite ki gen nan tè ya (nou rele sa evaporasyon).
Sechrès la ka detwi rekòl, touye bèt sovaj, bèt moun gade. Sechrès pwovoke famin e deplasman moun…
Yo defini sechrès selon rejyon nan mond lan e selon kantite dlo ki genyen. An Frans lè lapli pa tonbe (mwens 0,2mm pa jou) pandan 15 jou youn apre lòt, yo di genyen gwo sechrès.
Selon jan sitiyasyon an ye, genyen 3 tip sechrès:
- Sechrès meteyowolojik ou atmosferik ki rive lè lapli pa tonbe pandan yon bon bout tan;
- Sechrès agrikòl ki gen rapò ak imidite ki nan tè a, rive nan yon pwofondè yon mèt. Sechrès sa a depann de lapli, de kalite tè a, de jan moun travay tè a et ki kalite plant yo plante sou tè a;
- Sechrès idwolojik ki rive lè rezèv dlo ki anba tè a e nivo rivyè yo bese anpil. Sechès idwolojik ki rive lè rezèv dlo ki anba tè a e nivo rivyè yo bese anpil. Sechrès sa a gen pou wè ak sechrès meteyowolojik (sa vle di lè lapli fè lontan li pa tonbe), oubyen ak lè moun gaspiye dlo anpil.
Lè nou di sechrès nou plis pale de sechrès meteyowolojik la.
Konsekans sechrès
Sechrès vire tounen e ki dire ka kraze pwodiksyon agrikòl yon rejyon, li ka fè pa gen dlo pou kouran (pwodiksyon idwoelektrik), li ka provoke dife nan rakbwa, li ka bese dlo gwo rivyè yo fè pa gen transpò sou dlo, fè pa gen dlo Sechrès la ka fann tè a tou.
Komisyon obsèvasyon idwolojik
Komisyon obsèvasyon idwolojik se yon espas pataj lide ak enfòmasyon sou sitiyasyon idwolojik nan nivo nasyonal. Li dwe panche sou konsekans sechrès sou jan moun sèvi ak dlo ak sou anwònman an. Komisyon an pran avi e pwopozisyon tout biwo ki konsène nan zafè dlo, pou fè prevansyon ak pran mezi ki nesesè. Komisyon sa a pèmèt kowòdone tout aksyon k ap pran nan depatman yo pou fè youn pa depaman ak lòt.
Kisa nou dwe fè
Se otorite yo ki dwe defini nivo alèt yo. Si se vijilans, alèt ou kriz. Se yo ki pou pran mezi ki nesesè nan chak ka.
- Mezi pou sèvi ak dlo nan kay: Snsibilize moun sou valè dlo yo ka sèvi pou wouze gazon, plant, lave machin, ranpli pisin. Otorite yo ka limite valè dlo moun ka sèvi pou bagay sa yo. Yo ka rive entèdi moun sèvi ak dlo pou sa, sof dlo pou moun bwè ak pou benyen.
- Mezi pou agrikilti: Entèdiksyon pou fè irigasyon pandan yon jou, pandan plizyè jou nan yon semèn, pandan yon moman nan yon jounen. Otorite yo ka menm anpeche moun fè irigasyon.
- Lòt mezi ankò: Eske genyen yon komisyon obsèvasyon idwolojik pou tout peyi d’Ayiti?