Pòtoprens, Samdi 21 dawout 2021.- Sant Operayon Ijans Nasyonal la nande tout moun pou yo pa kouri al repare kay tranblemann tè 14 dawout la andomaje yo. Paske travay sa a mete lavi moun ki sou chantye yo andanje, avèk sekous k ap kontinye a.
Sektè Enfrastrikti ki anndan Sant Operasyon Ijans lan enfòme nou se lè Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon fin evalye yon kay, n ap konnen si li ka repare oswa si pou raze li nèt. Evalyasyon kay yo oblije fèt anvan aktivite reparasyon ak rekonstriksyon yo.
Sektè Enfrastriki pwofite raple nou Ministè Travo Piblik gen yon biwo espesyal avèk enjenyè fòme pou fè travay sila. Anplis, genyen yon gid ki di kòman pou repare kay ki merite repare yo.
Apre tranblemann tè 10 janvye 2010 la, Ministè a te evalye anviwon 380 000 konstriksyon, tankou kay abitasyon, batiman piblik, lekòl ak lopital.
Pandan Travo Piblik ap prepare li pou li lanse, nan jou k ap vini yo, evalyasyon kay andomaje yo nan rejyon Sid peyi a, Sant Operasyon Ijans Nasyonal la mande tout meri ak tout lòt otorite lokal nan depatman Sid, Grandans ak Nip pou asire yo moun yo respekte mizangad sila. Li tou mande moun nan popilasyon an, fanm tankou gason, pou yo pa fè tèt di, ni al mete lavi yo ak lavi lòt moun andanje.
-FEN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !