Pwoteksyon Sivil mete senk depatman peyi a anba alèt oranj akoz pasaj depresyon twopikal nimewo 22 nan rejyon an

Vandredi 17 novanm 2023.- Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas mete depatman Grandans, Nip, Sid, Sidès ak Nòdwès anba alèt oranj, apre Inite Idwometeyowolojik peyi a konfime pasaj depresyon twopikal nimewo 22 a sou Lanmè Karayib la.

Sistèm sila, ki toujou ka tounen yon tanpèt twopikal demen samdi a, te twouve li nan yon distans 85 kilomèt Monntigobey, Jamayik, vandredi apremidi. L ap dirije l nan direksyon pwent lès-sidès Kiba. Dapre previzyon meteyowolojik yo, depresyon twopikal la pote gwo lapli, gwo van epi lakoz lanmè yo ajite. Efè sa yo ap kontinye touche depatman Sid, Nòdwès, Lwès, gòf Lagonav ak rès peyi a apati aswè a, nan moman sant sistèm nan pral pase sou Jamayik ak pwent Sidès Kiba.

Plizyè depatman, tankou Grandans, Sid, Sidès ak Nip, deja ap resevwa lapli, sitou Grandans kote anpil dlo gentan tonbe. Gen rivyè k ap desann, tankou larivyè Wozo nan Grandans. Yon ekip Pwoteksyon Sivil konstate yon glisman teren nan zòn rivyè Glas. Glisman sila tou bloke wout nasyonal # 7 la, ki relye Okay ak Jeremi.

Poutèt menas gwo lapli, gwo van ak move lanmè, Inite Idwometeyowolojik peyi a monte vijilans lan nan nivo oranj. Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas dekrete lamenm alèt oranj poutèt gwo risk inondasyon, glisman teren, eboulman ak move lanmè nan depatman Grandans, Nip, Sid, Sidès ak Nòdwès. Tout lòt depatman yo rete anba alèt jòn.

Sèvis Maritim ak Navigasyon Nasyonal entèdi tout aktivite kabotaj yo sou kot Sid peyi a ak nan gòf Lagonav. Li mande operatè ti bato yo pou yo rete nan pò lakay yo oswa nan dlo kote yo alabri.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas mande popilasyon an, sitou moun k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou respekte konsiy sekirite yo, tankou:

• Toujou swiv bilten meteyo, konsiy otorite yo ak pwoteksyon sivil. Pa koute rimè ;

• Si ou abite bò ravin, bò kote dlo konn desann oubyen bò lanmè, pran dispozisyon pou w deplase ale nan abri pwovizwa oubyen nan yon lòt kay nan yon
zòn ki p ap inonde fasil.

• Pa janm janbe dlo k ap desann ni a pye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto. Pa di w a gentan…

• Si w rete nan yon zòn ki kapab gen deboulonnay tè oswa glismann teren, chèche yon kote ki lwen danje a epi tou ale ak fanmi w la pou sizoka.

• Mete an sekirite tout sa van ka bwote e ki deyò kay la, tankou: poubèl, zouti, afich, lanp dekorasyon, anpoul, elatriye.

• Si sa nesesè, pwoteje bato ak kannòt yo, mare yo lwen rivaj la.

• Voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo.

-FEN-

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<