Premye nosyon sou risk ak dezas Plan ijans fanmi an

Sa nou dwe konnen

Plan ijans pou fanmi an

Yon plan sekirite pou fanmi an ka itil anpil an ka danje oswa ijans. Men yon model plan ijans pou fanmi.

  1. Non ak telefòn moun ou k rele si ou an danje ou ijans
    Premye Moun:
    Non___________________, Tel____________________
    Adrès_________________________________________
    Imel__________________________________________
    Dezyèm moun:
    Non___________________, Tel____________________
    Adrès_________________________________________
    Imel__________________________________________
    Telefòn Sèvis ijan yo:
    *300________Polis___________Kwa Wouj__________
  2. Egzèsis antrènman si fanmi an dwe kouri kite kay la
    Anvan pou w kouri ale kite kay la fok ou: etenn dife anba chodye, desann switch kouran elektrik nan kay la…

    Chache byen ki kote ou ka soti nan kay la oswa nan pyes kote ou ye ya san danje:
    Kote ki parèt pi bon pou w sòti 1
    Kote ki parèt pi bon pou w sòti 2
    Kote ki parèt pi bon pou w sòti 3

    Si ou ap viv nan yon apatman, chache kote soti pou ijans lan ye. Si gen danje evite soti nan asansè.

  3. Kote pou tout moun rasanble si gen ijans, apre nou fin kouri kite kay la
    Fòk nou chwazi davans kote tout moun dwe rasanble si otorite yo mande yo kite kay la an ijans.
    Deyò kay la:____________
    Nan Katye a:____________
    Lwen kaytye a:__________
  4. Chimen pou kite katye a
    Prepare ki wout ou ap fè si w genyen pou kite katye a an ijans. Chache konnen ki lòt kote ou ka pase si wout yo bloke.
  5. Ki moun ki dwe fè kisa?
    Bay chak manm fanmi an responsablite pa li: ki moun ki dwe etenn kisa? Ki moun ki ap rele ki moun nan telefòn? Ki moun ki ap dirije aktivite yo?
  6. Asire byen ou genyen
    Fè lis tout sa ou genyen, fè foto yo oswa anrejistre yo sou videyo. Konsève dokiman sa yo ansanm ak kopi asirans kay la an sekirite, pa kite yo nan kay la, ou ka gen yon kopi dokiman sa yo nan yon biwo kote ou ap travay.