Ayiti anba menas tanpèt twopikal Fred, vijilans jòn nan toujou la.-

Ayiti anba menas tanpèt twopikal Fred, vijilans jòn nan toujou la.-

Pòtoprens, mèkredi 11 dawout 2021.- Depresyon twopikal #6 la pran fòs, li tounen tanpèt twopikal Fred depi madi swa, pandan l ap kontinye avanse sou Ayiti. Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas kenbe vijilans jòn nan poutèt bonkou lapli, loray ak rafal van ki ka frape peyi a.  Dapre previzyon yo, tanpèt la ap pase sou Dominikani pandan jounen mèkredi 11 dawout la epi li sipoze rive sou kòt Nò peyi a pita nan aswè ak [...]

Lire la suite

Vijilans jòn : depresyon twopikal #6 la ka rive tou pre kòt Nò Ayiti mèkredi maten.-

Pòtoprens, madi 10 dawout 2021.- Ayiti toujou anban vijilans jòn parapòta bonkou lapli, loray ak rafal van sizyèm depresyon twopikal sezon siklòn nan riske pote sou peyi a, demen mèkredi 11 dawout la. Se rejyon Nò, Lwès, Sid ak Sidès Ayiti ki plis konsène. Dapre Inite Idwometeyowolojik la, siklòn nan k ap deplase nan direksyon lwès-nòdwès ak yon vitès 30 kilomèt alè, kapab rive tou pre kòt Nò peyi a demen mèkredi 11 dawout la, nan maten. Apremidi a, depresyon twopikal la te twouve li a 240 kilomèt osidès Pòtoriko. Li ka tounen yon tanpèt twopikal anvan jounen an fini. Fenomèn sila ka lakòz glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon sitou nan zòn Nò peyi a. Se poutèt sa, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik [...]

Lire la suite