Pòtoprens, lendi 20 septanm 2021.- Depi ayè dimanch lan, enfòmasyon ap sikile sou rezo sosyal yo ak sou plizyè platfòm mesajri nimerik pou fè kwè Ayiti ak anpil lòt peyi nan rejyon an anba menas sounami poutèt vòlkan Cumbre Vieja (pwononse Koumbre Vyeya), ki twouve li nan achipèl espanyòl Kanari.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ak Sant Obsèvasyon ak Operasyon sou Done Lanmè a di se pa vre. Pa gen okenn menas sounami pou Ayiti parapòta vòlkan sila, ki eklate yè dimanch 19 septanm nan, nan Lapalma, youn nan zile achipèl Kanari yo.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil pwofite mande popilasyon an pou li evite enfòme li nenpòt jan epi nenpòt kote. Li ensiste pou mande li swiv otorite ak enstitisyon ki la pou bay bonjan enfòmasyon, k ap ede li prepare li kòmsadwa epi akonpaye li pou li kapab aji san tèt cho, chak fwa li nesesè.
-Finisman-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !