Pòtoprens, 20 Septanm 2022:. Sistèm Nasyonal Jesyon Risk ak Dezas yo anonse li leve ofisyèlman alèt vijilans jòn ki te sou peyi a pandan pasaj ouragan Fiona sou zile Karayib yo.
Se vre sant ouragan Fiona pase nan lanmè sou kòt Nò Ayiti, men sa pa anpeche l ap kontinye lakòz lapli nan tout depatman yo sitou nan depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit, Sant, Lwès ak Sidès, pandan nwit la pou rive demen mèkredi 21 Septanm nan.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, toujou pran anpil prekosyon epi kontinye respekte konsiy sekirite yo parapòta inondasyon – sitou inondasyon bridsoukou – deboulonnay tè, glisman teren ak move kondisyon lanmè.
Si otorite yo mande w evakye oswa si w santi ou menm lavi w oubyen sante w menase, deplase ansanm ak fanmi w ale yon kote ki pi asire, pandan n ap pwoteje tèt n ou. Pinga travèse pou kwakseswa dlo k ap desann, pa fè l ni apye, ni sou bèt, ni a moto, ni sou bekàn, ni nan machin. Si w te nan lari epi ou wè gwo dlo kòmanse monte pi devan, pito w kase tèt tounen, menm si w nan machin. Yon dlo wotè yon ti chèz ba k ap desann deja twòp pou bwote yon ti machin ale.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap kontinye swiv jan sitiyasyon an ap evolye epi li garanti popilasyon an l ap kontinye kanpe bò kote l nan bon tan tankou nan sitiyasyon difisil yo.
-FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !