Kominike #3
Pòtoprens, 2 jiyè 2021.- Pou li kontinye swiv jan ouragan Elsa ap apwoche sou peyi a, pou enfòme popilasyon an kòmsadwa epi ede l prepare l, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil dekrete lapèmanans.
Direktè Jeneral la, Doktè Jerry Chandler, anonse, nan mitan jounen vandredi 2 jiyè a, Sant Operasyon Ijans nan nivo santral ak nan senk depatman ki plis konsènen yo – depatman Sidès, Lwès, Nip, Sid ak Grandans – pral aktive konplètman nan lè k ap vini yo. Antretan, ekip volontè yo ap deplwaye nan zòn ki pi frajil yo pou enfòme epi akonpaye popilasyon an.
Pou kounya, peyi a anba vijilans oranj poutèt ouragan kategori 1, Elsa, pote gwo menas lapli, rafal van epi gwo lanmè. Li ka frape depatman nan Sid yo demen samdi 3 jiyè a, nan apremidi ak nan aswè. Sa vle di, popilasyon an dwe rete veyatif pandan l ap pwofite ti tan ki rete toujou a, pou prese prepare l.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap kontinye mande tout moun, fanm tankou gason, timoun tankou granmoun, pou mete an pratik konsiy otorite yo toujou konn bay nan moman siklòn :
• Si ou rete nan yon zòn danje, si ou abite kote yon ravin, yon rivyè oubyen bò lanmè, pran dispozisyon pou ale nan yon abri, oswa nan yon kay ki nan yon zòn ki pi asire.
• Mete bèt ou yo nan yon kote ou te planifye pou sa ;
• Mete an sekirite tout sa van ka bwote e ki deyò kay la : panye, zouti, afich…
• Desann tout sa ki anlè e ki lou tankou antén, ansèy, kokoye ki pandye sou kay la… pou evite yo tonbe sou kay la oubyen pou van pa pote yo ale
• Dekwoche tout sa ki lejè e ki pa byen fikse : tablo, ankadreman, liv, biblo, revèy, materyèl pou biwo… mete yo nan sache. Retire tou sa ki sou etajè pou yo pa tonbe e fè dega.
-FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !