Ouragan Elsa : depi gen mwayen, moun k ap evakye yo dwe ale kay yon pwòch pito, anvan yo deside ale nan yon abri pwovizwa

Kominike #4

Pòtoprens, 2 jiyè 2021.- Depi jodi vandredi a, moun ki rete nan zòn malè pandye inondasyon, deboulonnay tè ak glisman teren yo dwe pran devan epi prepare yo pou lè otorite yo ta mande pou evakye. Yo ka toujou chape poul yo pou kont yo, dapre jan yo wè sitiyasyon an ap evolye nan zòn kote yo ye a.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ankouraje moun k ap evakye yo ale k ap yon pwòch ki pi asire pito. Sa ap ede moun k ap jere abri pwovizwa yo fè travay la pi byen. Depi ane pase, Sekretarya Pèman k ap jere Risk ak Dezas te pran plizyè dispozisyon, parapòta maladi kowonaviris la, pami yo diminisyon kapasite sit yo. Mezi sa yo toujou kenbe.

Ane sa ankò, abri pwovizwa yo ap louvri an priyorite pou moun ki pi fèb yo e ki pa gen lòt kote pou abrite yo. Direksyon Jeneral la konte, yon pa, sou solidarite ak bon konprann moun k ap evakye yo, yon lòt pa, sou devouman ak kapasite volontè Pwoteksyon Sivil, Lakwa Wouj ak lòt enstitisyon ki travay nan jere abri yo e ki konnen kominote yo fen e byen, pou espas sa yo ka sèvi kòm bon jan refij, san tèt kase pou moun y ap ebèje yo.

– FINANSMAN –

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<