Sa nou dwe konnen
Sa nou dwe mete nan yon kit ijans…
Li enpotan pou nou genyen yon kit ijans nan kay la. Nan sitiyasyon ijans, kit sa ka pemet nou, ak fanmi nou, jere yon sitiyasyon pandan nap tann yo vin pote nou sekou. Si nou ta dwe deplase kite kay la, nou ap mache ak tout kit ijans nou.
Kit ijans nou dwe genyen ladann tout sa nou ap bezwen, sa vie di manje ak bagay ki nesese pou nou ka resiste pandan twa (3)jou .
Nan yon gwo sak oswa yon gwo bokit, nap mete bagay nou pral site la yo:
-
Dlo pou bwe – kantite dlo pou moun bwe pandan 3 jou pou pi piti; kontwole 2 lit dlo chakjou pou chak moun nan kay la;
-
Manje ki pap gate pou 3 jou pou pi piti;
-
Kouve: Asyet, kiye ak gode plastik oswa an katon ou an aliminyom;
-
Papye pou siye men (napkin);
-
Zouti pou nou louvri bwat konsev;
-
Radyo ak pil / flach ak pil;
-
Bwat pou premye swen ;
-
Atik pou ijyen nou: brosda n, savon, sevyet, deyodoran, papye twalet, sache plastik pou mete fatra;
-
Dra ak lenn pou nou kouvri ko nou pou nou domi;
-
Lajan;
-
Kie kayak kle machin , si nou genyen;
-
Siflet pou nou soufle pou pemet sekouris yo jwenn nou le yo rive nan zon nan;
-
Brike, bouji aka Iimet;
-
Kanif ki ka sevi nan plizye sikonstans;
-
Mas pou figi pou pwoteje nou anba pousye oswa move kalite le nou ka respire ki gen mikwob;
-
Dokiman/papye enpotan yo;
-
Bezwen pesonel espesyal moun nan fanmi an:
-
Moun malad : Medikaman, manje ak aparey espesyal
-
Tibebe: Let, bibwon, kouchet…;
-
Zannimo: Manje, medikaman, kod pou mare yo...
-
Kisa nou dwe fè
Kouman pou nou pare kit ijans Ian
Veye pou kit sa a (sak, bokit…) byen pwop selon prensip lijyen.
Manje ki ka konsève san yo pa gate:
Bwat konsev (sadin, somon, ton, mayi, legim, pwa, sosis, janbon…); Aranso , mori, pwason sale , vyann seche;
Let an poud, ji an poud, sik, konfiti, manba, kasav, bisuit sek, bonbon , siret…
Bwat premye swen:
Sewom oral, banday adezif, pansman, twal gaz, dlo oksijene, solisyon famasi pou blese tankou Betadin, pomad antibyoitik , gan, sizo, pens moun itilize pou rache plim sousi, epeng. Solisyon famasi pou desenfekte, remed pou doule...
Papye enpòtan:
Batiste, Ak maryaj, papye te, papye kay, paspo, kane lekol, kat idantite, kane bank, papye asirans, papye lapolis, papye preskripsyon, plan sekirite (planch 7), lis moun pou nou kontakte si gen ijans.
Fok tout bagay sa yo byen ranje nan yon sache plastik.