Kisa pou nou fè pou nou prepare nou nan sezon siklòn ? Epi kisa nou dwe fè lè yo anonse siklòn ?

Kisa pou nou fè pou nou prepare nou nan sezon siklòn?

     Pou nou prepare nou nan sezon siklòn, nou dwe:

  • Toujou rèspèkte règ konstriksyon yo;
  • Gen jan epi gen kote pou nou bati kay san nou pa mete lavi nou ak lavi lòt moun an danje;
  • Asire kay ou, byen klouwe tòl yo, pwoteje pòt, fenèt ak rezèvwa dlo yo;
  • Pwoteje tout mèb ki fèt an vit. Ranje vè ak asyèt kristal kote pou yo pa blese moun si yo ta kraze;
  • Koupe branch bwa ki tou pre kay la, oswa fè koupe branch ki bay sou fil kouran yo;
  • Siveye tout sa ki ka mete lavi ou, lavi fanmi ou ak vwazen ou an danje, sitou lè gen gwo van, tankou : pye bwa, antèn, poto kouran ki ka tonbe, ak tout sa fòs van ka bwote;
  • Prepare yon kit ijans;
  • Toujou gen flach, radyo ak kèk pil rezèv pou fè nouvèl.

Kisa nou dwe fè lè yo anonse siklòn ?

   Lòske yo anonse siklòn, kisa nou dwe fè:

   1. Anvan siklòn nan rive ?

  • Rete tèt frèt !
  • Koute pòtvwa, radyo ; swiv televizyon, entènèt pou fè
    nouvèl. Epi gaye nouvèl la bay fanmi ou, vwazen ou ak lòt
    moun ankò;
  • Pare yon ti sak ki gen rad sèch pou sizoka ou ap gen pou
    deplase.

    2. Pandan siklòn nan ap pase ?

       • Rete tèt frèt !
         • Toujou koute pòtvwa, radyo ; swiv televizyon, entènèt pou
             ou jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase;
         • Toujou swiv konsiy otorite yo ak Pwoteksyon sivil.

     3. Apre siklòn nan fin pase ? 

       • Rete tèt frèt !
        • Kontinye koute pòtvwa, radyo ; swiv televizyon, entènèt;
        • Kontinye swiv konsiy otorite yo ak Pwoteksyon sivil;
        • Si ou kapab, pote konkou bay tout moun ki bezwen èd;
        • Pa jennen moun k ap pote sekou yo.

       Pou kontinye li enfòmasyon sa yo nan atik sa, ou ka klike sou lyen sa ki anba ki rele “sezon siklòn lan rive” epi ou ka telechaje tout atik la ki pale sou siklòn nan fòma pdf.

Sezon siklòn lan rive ?