Sa inondasyon ye ak sa ki lakoz Ii
Gen inondasyon se le dlo anvayi te sek yo. Gen dele se le lanme a monte oubyen le larivye yo desann. Gen pi plis inondasyon an Ayiti le sezon lapli ak siklon, soti mwa me rive novanm. Ou kapab gen inondasyon tou nan mwa desanm akjanvye.
Larivye nou yo gwosi le tea ak plant nou yo pa kab bwe tout kantite dlo yo jwenn nan. Le konsa larivye desann, debode. Le konsa menm baraj yo pa kab kenbe dlo anko. Lesa a rive Ii fe inondasyon.
Ki sa ki fe gen inondasyon?
Gen plizye bagay ki ka lakoz inondasyon:
-
Koz natirel. Sak ap pase nan tan an, nan klima a, fenomen meteyo ka bay inondasyon, tankou gwo lapli, siklon, van tanpet, elatriye. Gen lot evenman natirel ki ka bay inondasyon tou, tankou deboulonnay te ki anpeche dlo a fe chimen Ii nomalman;
-
Moun lakoz inondasyon tou: Le nou koupe pyebwa san mezi, le nou pa byen jere baraj yo, rivye yo, ravin yo, kanal yo, sa yo tou bay inondasyon. Anplis, le nou mal fe drenaj, nou mal fe irigasyon, le nou maljere te nou yo, nou mal fe agrikilti, sa degrade te nou yo, fe yo paka bwe dlo oubyen dlo pa ka antre ladan yo, le sa a dlo a kouri, fe rigol sou rigol epi: inondasyon;
-
Nan kek ka inondasyan an konplike, ou pa ka konprann kouman Ii fe fet. Se nan ka, pa egzanp, dlo nan nap freyatik yo pete (dlo ki anba te ya soti sanzatann san w pa we kote I soti).
lnondasyon yo se rezilta kek nan kondisyon meteyo. Tout inondasyon pa komanse menmjan. Chak paretjan pa yo epi yo pa dire menm kantite tan. Nou ka distenge:
-
lnondasyon ki rive piti piti (gwo inondasyon), ki vini apre lapli fe anpil tan ap ton be.
-
lnondasyon brital (dlo rive bridsoukou, dlo pete): Inondasyon sa rive apre gwo van ak gwo lapli, oubyen si lapli a fe yon bon tan (youn a 2jou) ap tonbe; inondasyon ka detwi jaden, katye, vii ak vilaj. Inondasyon ka detwi gwo enstalasyon tou tankou sa te fet nan Gonayiv an 2004 epi an 2008, kote dlo te anvayi plizye katye, plizye gwo kay, epi kraze plizye kay nan vii la. Inondasyon sovaj yo ka toransyel, gwo dlo k ap desann pase pran tout sa I jwenn tankou sa te fet nan Mapou ak nan Fon-Veret an 2004. Inondasyon sa yo konn vini ak gwo labou oubyen deboulonnay te;
-
lnondasyon sibit. Inondasyon sibit ka rive nan zon ki anba mon oubyen nan te plat; ou rete ou we gwo dlo rive (pete) sou ou san pa oblije gen lapli. Nou ka pran egzanp sou komin Taba oubyen komin Akaye (nan depatman Lwes) kote lapli ki t ap tonbe nan tet mon yo fe lavalas dlo anvayi plenn yo, san moun nan plenn yo pa konnen .
-
Inondasyon (oubyen anvayisman) dlo lanme. Sounami ka fe yon inondasyon konsa. Baraj ki paka kenbe dlo, gwo move tan ka fe inondasyon sa a tou; pa egzanp, sounami kite fet nan peyi Japon apre yon tranblemann te an mas 2011epi ki detwi yon vii plat ate).
Inondasyon se pi gwo menas nan peyi d Ayiti et se Ii ki rive pou souvan. Inondasyon fet pi dri pandan 2 prensipal sezon lapli yo, mwa me akjen epi sektanm ak oktob. Men ka gen inondasyon nenpot kile nan ane ya kek kote nan peyi ya.
Dega inondasyon ka lakoz
-
Nan sa ki konsene lavi moun: inondasyon, sitou sa ki fet apre yon si klon, ka lakoz anpil moun mouri, anpil moun blese, sanzabri ak kay kraze. Moun yo plis mouri nan dlo k ap desann oubyen anba deboulonnay te. Apre siklon Jan nan ane 2004, inondasyon te ratibwaze vii Gonayiv , chef lye depatman Latibonit, gen plis pase 2 000 moun kite mouri, 900 moun disparet, 2 600 moun konsa blese, 300 mil moun si nistre . Pa egzanp, gwo lapli kite tonbe nan Fon-Veret ak nan Mapou nan mwa me 2004 te fe anpil ravaj… Nan FonVeret, komin depatman Lwes, nan awondisman Kwadebouke, inondasyon sa a te lakoz 1191 moun pedi lavi yo, 1484 lot yo pajanmjwenn ko yo, 153 lot blese epi 16 900 si nistre .
Nan sa ki konsene ekonomi: Anpil fwa inondasyon konn fe gwo dega sou sa moun yo posede nan zon ki plis touche yo: bitasyon (gen 5 000 kay ki kraze nan Gonayiv nan lane 2004), enfrastrikti ( kannal ki sevi pou yo awoze, pan, wout ki donmaje...), zouti pou moun yo travay, konpayi k ap jere dlo, telefon, kouran. Nan mwa me 2004: gen 1705 kay kraze e 1 724 lojman domaje nan inondasyon ki te fet Mapou a, 6e seksyon kominal Belans, nan depatman Si des.
-
Nan sa ki konsene anviwonman : gwo dlo ak inondasyon yo fe anpil dega sou anviwonman:jaden kraze, bet moun gade mouri, ris ewozyon ogmante, eks.
-
Lot konsekans: dlo yo kontamine, epidemi , elatriye .
Nan kek lot peyi, inondasyon byen ban, yo fe pati sik natirel sezon yo. Pandan plis pase 2 mil ane, gwo dlo flev Nil yo fe sivilizasyon Ejipsyen nan pwospere, e anpil zon twopikal depann chak lane de inondasyon e de mouson yo ki pemet te yo wouze e moun yo gen dlo an rezev pou sezon sek yo.
lstwa inondasyon ki plis simen dey an ayiti
Inondasyon ak deboulonnay te kapab touche tout peyi ya. Epi, menm si van pa telman konn frappe depatman Latibonit, lapli menm se sa I bliye Ii pa fe nan depatman sa a: anpil gwo inondasyon tankou nan lane 2004 ak 2008. Nan ane 2004 la tau, gwo lapli nan Fon-Veret (Wes) ak Mapou, nan depatman Sides, fe gwo dlo desann epi moun mouri pa paket.
Tabla ki pi ba a, se Direksyon pwoteksyon sivil (DPC) ki prepare Ii. Tabla a montre pou chak depatman ki komin ki pi ka inonde.
Kisa nou dwe fè
Diminye posibilite pou gen inondasyon
Gen plizye aksyon nou kapab fe nan katye yo, nan ren mon yo (nan basen vesan yo) pou nou redwi inondasyon yo:
-
Konbat posibilite pou dlo fe rigol sou rigol; konbat zafe dlo k ap koule san I pa ka antre nan te ya, sitou nan vii yo;
-
Plante anpil plant nan mon yo tankou vetive ak lotzeb…;
-
Plante pyebwa epi pran swen rak bwa yo;
-
Nan zon ki toujou viktim inondasyon yo, fe mitigasyon, pa egzanp, mete basen ki ka resevwa dlo yo oubyen fe travay ki bay dlo yo kote pou yo koule pou yo ale;
-
Fe kanal, kire ravin ak rivye yo; chanje wout ravin, kanal ak larivye yo;
-
Jere rigol dlo yo alavans, kapte dlo, fe basen pou yo depi nan mon, fe miray teak woch nan mon yo epi mete plant ladan yo, fe miray/ kloti ak plant ak pye bwa nan mon yo, fouye twou ki laj pou n ka kenbe dlo, kite preri (zon ki gen plant selman pou dlo a layite ko I… Konsa nap frennen dlo yo en ap fe yo antre nan te olye yo vin ban nou tet chaje;
-
Fe plan pou diminye ris inondasyon (pa egzanp, entedi moun bati kay nan zon ki toujou inonde yo).
Pou n prepare n avan inondasyon:
-
Koute oubyen pran nouvel meteyo. Pa bay rimè enpotans.
-
Mete tout papye enpotan ansanm, mete yo yon kote ki asire. (Al gade anko kit ijans, planch 7).
-
Mare bet ou yo pre kay ou. Konsa ou pap bezwen ale lwen le yo mande ou pou pa deplase
-
Foul machin ou gaz si zon kote ou ye a menase. Konsa, ou a gen rezev pou sizan ka.
-
Si kay ou nan zon riske oubyen si ou rete pre ravin, rivye oubyen plaj, pran dispozisyon pou ou ale nan refij yo prevwa ou byen nan yon kay ki pap inonde.
-
Chache konnen kan ak refij ki disponib (legliz, lekol, kay, eks.).
Nan ka yo ta anonse inondasyon:
-
Ranje tout bagay enpotan ki anba kay la (nan sousol la), oubyen ki ate nan kay la. Mete yo anle.
-
Mete tout zannimo ou yo yon kote pou yo an sekirite;
-
Bouche kanal nan sousol kay la kote oujete dlo;
-
Swiv nouvel nan radyo, nan tele ak sou entenet epi respekte konsiy sekirite yo ba ou yo;
-
Pinga ou ale kote ki two lwen kay ou si ou pa seten wap gentan tounen pou gwo dlo pa bare w deyo.
-
Pa monte Ianme le yo anonse inonda syon. Si ou te gentan sou Ianme, fe rapid pou tounen.
-
Retire kannot ou nan lanme epi mare I byen sere byen lwen rivaj la.
-
Si yon dam nan fanmi an rive nan le I pou I akouche, mennen Ii nan lopital ki pi pre a, pou Ii kajwenn swen si Ii bezwen .
Pandan inondasyon
-
Pa kite kay ou si Ii solid e si Ii nan zon ki pa ka inonde oubyen si Ii pa bo lanme. Si ou kite kay ou ou ka andanje.
-
Si ou panse kay kote ou ye a an danje, oubyen si otorite yo mande pou deplase, ale nan refij ki pi pre a. Ale avek kit ijans Ian (Planch 7)
-
Lage bet ou yo pou yo ka save anba dlo sizanka.
-
Rete anndan kay jiskaske inondasyon an fini.
-
Desann swich kouran an e femen gaz pwopan ou gen nan kay la pou evite dife. Si ou ta we dlo komanse ap monte, veye pou mete pye w yon kote ki sek epi sevi ak yon bwa pou desann swich kouran an.
- Si malgre tout bagay kay la kòmanse pran dlo, monte nan chamòt.
- Rete veyatif, poze epi kontinye fè nouvèl pou ka konn sa k ap pase.
- Pa rete anba poto elektrik.
- Pa janbe rivyè ni apye ni sou bèt, ni machin si dlo k ap desann lan rive pi wo pase jenou w.