Vendredi 20 Dawout 2021:. De (2) Ond Twopikal ki aktif sou Karayib la kapab enfliyanse kondisyon tan an sou Ayiti pou jounen vandredi 20 Dawout la.
Sitiyasyon sa kapab lakòz aktivite loray ak lapli sou plizyè depatman soti nan fen jounen an pou rive aswè.
Pandan tan sa a, genyen yon lòt ond twopikal k ap fòme nan zòn Atlantik la ki kapab kreye kondisyon move tan nan pwochen jou yo.
Inite Idwometeyowolojik ap suiv kijan ond twopikal sila ap evolye pandan l ap kontinye enfòme popilasyon an.
Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik ap kontinye mande tout popilasyon an kontinye rete vijilan parapò ak sezon seklonik lan.
-FEN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !