Kominike #2
Pòtoprens, vandredi 2 jiyè 2021.- Sekretarya pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik peyi d Ayiti, deside monte alèt la nan nivo vijilans oranj, poutèt tanpèt twopikal Elsa, ki gentan tounen ouragan kategori 1, maten vandredi an menm.
Se tout peyi a siklòn sila sòti pou l menase, sitou depatman Sidès, Lwès, Nip, Sid ak Grandans. Maten an, Elsa te twouve l a 65 kilomèt a lwès Lababad epi a 120 km a lès Sen Vensan. L ap rapousiv chemen li nan direksyon lwès, ak yon vitès 44 kilomèt alè.
Dapre dènye wout yo prevwa li ka pran, Esla ta sipoze travèse Ti Antiy yo jodia menm. Demen k ap samdi 3 jiyè a, li ta dwe frape Ayiti, nan apremidi ak nan aswè, ak gwo lapli, rafal van epi lanmè move. Li posib pou nivo lanmè a fè bon monte sou kòt peyi a, sitou nan Sid.
Pou jan Ayiti a frajil epi nan fason yo wè siklòn Elsa ap apwoche, Sekretarya pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik peyi d Ayiti, mande, yon lòt fwa ankò, pou tout moun k ap viv nan zòn malè pandye inondasyon, deboulonnay ak glisman teren, pou yo rete veyatif. Yo mande tou pou mete an pratik konsiy otorite yo toujou konn bay nan moman siklòn :
• Toujou swiv enfòmasyon meteyo epi pa koute rimè k ap kouri ;
• Mete tout papye ak zafè enpòtan w, yon kote ki asire ;
• Kouri fè oswa verifye kit ijans ou, si w genyen l deja ;
• Si w rete na zòn malè pandye, tankou pre ravin, pre larivyè, nan flan mòn, pran tout dispozisyon pou w deplase ale yon kote ki pi asire ;
• Mete an sekirite tout sa ki deyò kay la, van ka bwote : poubèl, zouti, lanp…
• Desann tout sa ki lou : antèn, ansèy ak lòt ankò.
-FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !