Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon pou li kontinye fè solidarite pandan pasaj depresyon twopikal Grace sou preskil Sid peyi a

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon pou li kontinye fè solidarite pandan pasaj depresyon twopikal Grace sou preskil Sid peyi a

Pòtoprens, lendi 16 dawout 2021.- Apre gwo tranblemann tè mayitid 7.2 a fin devaste rejyon Sid peyi a, samdi 14 dawout ki sot pase a, li enpòtan pou popilasyon an kontinye fè solidarite youn ak lòt, sitou pandan pasaj depresyon twopikal Grace nan depatman Grandans, Sid, Nip, Sant, Latibonit ak Lwès.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap mande tout otorite lokal epi medya yo pou mete men pou tout popilasyon an kontinye jwenn bon jan enfòmasyon sou siklòn nan ki sanse rive sou nou apremidi a epi pou ede chak moun pran dispozisyon ki nesesè pou pwoteje tèt li, lavi fanmi li ak sa li genyen.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil konsyan kijan sitiyasyon an deja difisil, sitou pou moun k ap viv nan rejyon Sid yo, li mande yo fè koudakoud epi evite zòn danje tankou ravin, rivyè, flan mòn, anba mòn kote dlo konn chita ak bò lanmè. Li mande fè jefò pou yo evakye e pandan y ap fè sa, yo pa dwe ale nan kay ki kraze ak andomaje yo, ni nan sa ki gen mi yo make fann.

Yon lòt fwa ankò, l ap mande popilasyon an, fanm tankou gason, pou fè solidarite ak grandèt, timoun, moun ki andikape ak lòt moun ki an difikilte yo. Bò kote pa yo, ekip Pwoteksyon Sivil ki nan tout peyi a ap rete nan mitan kominote yo pou ede frè ak sè nou yo, sitou nan moman difisil sila.

-FEN-

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<