Pòtoprens, jedi 11 dawout 2021 – Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik epi Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas ap enfòme nou depresyon twopikal FRED ap pare pou l kite zile Ayiti pandan jounen jedi sa a.
Pou plis presizyon, depresyon twopikal FRED sou wout pou li kite kòt Nò peyi a. Maten an, sant siklòn nan te twouve li nan Nòdès Guantanamo ak nan Sidès Bahamas. Malgre Fred ap elwanye nou, li kapab toujou kite kèk aktivite lapli ak van, sitou nan depatman Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Sant jodia.
Nan sans sa a, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas mande popilasyon an pou toujou rete veyatif, kontinye swiv enfòmasyon meteyo yo epi mete an pratik konsiy otorite yo bay lè gen gwo lapli ak inondasyon.
-FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !