Pòtoprens, madi 10 dawout 2021 – Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idoweteyowolojik epi Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas deside plase Ayiti anba vijilans jòn nan moman sizyèm depresyon twopikal sezon an ap vanse sou Gwo Zantiy yo.
Siklòn sila, ki te twouve li maten an alwès ti zile Karayib yo, ka tounen yon tanpèt twopikal jodia menm. Dapre dènye wout li ka pran yo, li riske pase sou kòt Nò Ayiti distans pou rive demen mèkredi nan aswè. Sizyèm depresyon twopikal la kapab lakòz bonkou lapli, loray ak rafal van sitou nan rejyon Nò, Lwès, Sid ak Sidès peyi a. Li pote gwo menas glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon sitou nan zòn Nò peyi a.
Depi jounen jodia, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idoweteyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas mande popilasyon an pou rete veyayif, kontinye swiv enfòmasyon meteyo yo epi mete an pratik konsiy otorite yo, anvan siklòn nan pase, pandan l’ap pase e apre li fin pase.
–FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !