Cyclone

Sa nou dwe konnen

Yon siklon se kisa?

Mo siklon nan soti nan lang grek, kyklos. Li vie di sek ou byen wonn. Se fom won yon siklon ki pemet ou rekonet Ii, sitou sou foto satelit. Siklon nan se yon gwo sek ou byen yon gwo wonn blan kap vire tankou yon toupi sou Ianme a, Ii gen fom reso (espiral).

  • Yon siklon se yon gwo deranjman nan tan an ki vin ak anpil gwo van, gwo lapli, gwo vag lanme . Deranjman sa a fet sou lanme ki cho tankou nan zon twopikal yo. Siklon nan prezante tankou yon gwo mas nyaj ki won, k ap vire, k ap fe toubiyon, e ki laj anpil, ki ka mesirejiska 1000 kilomet nan dyamet (laje).

  • Le gen siklon tou, presyon atmosfe a ba, se sa ki fe gen anpil lapli a. Le siklon nan sou Ianme, Ii mache ak yon fenomen ki rele onn tanpet, sa vie di nivo lanme ya monte rapid (gwo lanme) le siklon Ian pre kot yo oubyen pral touche te. Se sa ki fe se peyi ki sou zile yo ki gen plis pwoblem le gen siklon.

  • Pati ki pi aktif nan siklon Ian se mitan siklon. Se nan zon sa a van yo pi fo tou, yo ka rivejis 350 km ale. Van yo ap vire tou won. Nan emisfe Sid la yo tounen nan menm sans zegwi mont yo; nan emisfe No, tankou nan peyi d Ayiti , van yo vire nan sans kontre zegwi mont yo. Nan mitan siklon nan, ou jwenn yon zon ki pa gen van ki mezire ant 30 ak 50 km laje . Yo rele zon sa aje siklon nan. Nanje siklon nan pa gen nyaj tou, syel la kle.

  • Le wap gade siklon nan nan satelit, ou we I tankou yon gwo toupi k ap vire sou limenm e ki ap deplase tou dousman (20-30 km ale). Men van ki nan siklon nan ale pi vit lontan!

Kijan siklon fome?

Apre tranblemann te, se siklon ki fe plis dega nan zafe dezas. Nan Oseyan Endyen yo di siklon, nan Atlantik yo di ouragan, nan Pasifik Nodwes yo di Tifon, nan Ostrali yo di Wili Wili. An Ayiti se non siklon Ian nou konn plis.

Plizye kondisyon dwe reyini pou gen siklon:

  • Kondisyon tan an (kondisyon meteyo): Siklon komanse sou lanme, nan yon zon kote tan an deregle, avek yon mas nyaj oswa, oubyen yon mas nyaj ki melanje ak van ak lapli. Siklon fame nan zon twopik yo, nan zon entetwopikal; nan zon sa a le a cha et Ii pa stab (I ap monte desann).

  • Kondisyon chale (kondisyon temik): Siklon Ian se nan dlo cha Ii pran eneji pou I fame. Kidonk chale (tanperati) Ianme a dwe pi wo pase 26° C. E tanperati sa a dwe 26 degre, menmman pareyman, menm si ou plonje 50 met anba dlo lanme a. Kondisyon sa pemet gen evaporasyon (sa vie di dlo a monte sou fom gaz envizib pou I al tounen nyaj). Si pa gen kondisyon sa a (dlo cha), pa ka gen siklon. Se sa ki fe se nan lanme tropikal (ki cha) siklon fame. Le siklon rive sou te, se rapid rapid Ii pedi fas Ii, paske pa gen dlo (cha) anko.

  • Kondisyonjewografik: Fok dlo Ianme a pa two pre wonn ki rele ekwate ya pou siklon nan ka fa me. Kate siklon Ian ap fame a ka distans 550 km ak ekwate ya. Se nan zon sa a toubiyon an fame. Se yon fenomen yo rele Fas Koryolis ki lakoz toubiyon yo fet, fenomen sa a soti nan mouvman te a fe sou limenn (te ya ap vire tankou yon toupi, nou rele mouvman sa a wotasyon). Fas sa a pause van yo adwat nan emisfe No e a goch nan emisfe Sid . Se sa ki fe van yo tounen tankou egwy mont yo nan emisfe Side nan sans kontre nan emisfe No. Fas Koryolis pa vo anyen nan zon ekwate a e ou pajwenn Ii menm sou yon distans 5 degre latitid le ou kite lekwate.

  • Kondition van (ewolyen) : Pou gen siklon, van yo dwe soufle nan menm direksyon e yo dwe genyen menm fas sou yon wote 15 km (15 km altitid).

Le yonn nan kondisyon sa yo pa reyini, siklon yo febli e yo disparet.

Echèl Saffir-Simpson

 

Siklon gen sezon pa Ii

Nan Emisfe No, soti mwajen pou rive mwa novanm se sezon si klon. Nan zon Atlantik la, se mwa jiye pou rive fen oktob .

Nan Emisfe Sid, sezon siklon Ian se sot mwa novanb pour rive nan mwa avril oswa me.

Gen siklon ak si klon. Se vites siklon yo ki pemet ou distenge yo:

  • Depresyon tropikal. Le ou gen depresyon twopikal, se le pi gwo vites van yo pa depase 17 met nan yon segonn. 17 met nan yon segonn Ian egal 33 ne oubyen 62 km ale oubyen 38 mayl ale.

  • Lese yon Tanpet tropikal, pi gwo vites van an soufle ant 17 e 33 met nan yon segonn, oubyen 34 a 63 ne oubyen 62 a119 km le oubyen 39 a 73 mayl le.

  • Siklon tropikal, le vites van an depase 33 met nan yon segonn, oubyen 119 km ale . Nan mitan siklon twopikal Ian, ou jwenn yon zon ki pa gen van ki mezire ant 30 ak 50 km nan laje (dyamet). Yo rele zon sa aje siklon nan. Nanje siklon nan pa gen nyaj tou, syel la kle.

Yo mezire Siklon nan Atlantik No yo (Ayiti ladan I) sou yon echel 1 a 5. Non echel la rele Echel Saffir-Simpson. Li pemet mezire enpotans siklon yo e klasye yo nan kategori ljou k rive nan kategori 5. Pou chak kategori, vites ak fas van yo chanj e. Se vites ak fas van yo ki fe ou konnen ki dega yon siklon ka fe.

Premye kategori : van yo 118 a 152 Km le Dezyem kategori : van yo 153 a 176 Km le Twazyem kategori : van yo 177 a 208 Km le Katriyem kategori: van yo 209 a 248 Km le Senkyem kat egori: van ki depase 248 Km le

Poukisa nou bay siklon yo non?

Espesyalis yo bay siklon yo non pou yo kapab kominike ak milyon moun ki ka andanje e pou evite gen konfizyon ak lot siklon ki ka ap pase nan menm zon. Yo pran non yo nan lad let alfabe yo. Yo pran yon non fanm apre yo pran yon non gason e yo kontinye konsa. Yo pran non moun paske Ii fasil pou moun sonje yo. Yo pa pran non ak Q, U, X, Y, Z paske pa gen anpil non moun ki komanse ak yo.

Sant ouragan Miyami a (Atlantik No Pasifik Wes) sevi ak 6 list prenon e chak ane yo sevi ak yon lis. Premye ouragan ou tanpet nan yon ane gen yon non ki komanse avek let A.

Men prenon Sant Miyami mete deyo pou Gof Meksik- Karayib Atlantik pou ane 2010 a 2015 yo.

Yo sevi ak chak lis chak period 6 lane

Tout zile Ayiti a nan zon Ekwate, yon wonn imajine ki pase nan mitan planet Te a epi separe Ii an 2 pati ki rele emisfe: emisfe Noak emisfe Si d. Kote Ayiti ye nan Karayib la, se wout tanpet Ii ye. Nan 20e ak 21e syek la, se zon Sid peyi d Ayiti siklon plis frape . Zon Sid la se Ii ki pi ekspoze kontreman ak depatman Sant la ki pwoteje kont gwo van kraze brize. Men kijan sitiyasyon presante nan pousantaj chans pou yon siklon frape yon depatman: 59% pou depatman Sid, 44% pou Grandans, 37% pou Sides e 30% pou Lwes. Apre sa oujwenn No (26%), Nodwes (26%) e Nodes (15%). Tout depatman Ayiti yo se zon kote siklon ka fe dega, sitou nan kote sa yo:

Wes: Taba, Site Soley, Kabare, Akaye, Kwadebouke, Potoprens, Kafou, Leyogan,

Zon pou n siveye: Tigwav, Fonveret, Grangwav Latibonit: Senmak, Gransalin, Gwomon, Veret, Gonayiv Zon pou n siveye: Mamlad

Grandans:Jeremi, Moron, Chanbelan

Nip: Ansavo, Barade, Lazil

No: Pilat

Zon pou n siveye: Plezans

N odwes : Podpe, Chansol, Basenble Zon pou n siveye: Bonbadopolis Sid:Tobek, Chantal, Manich . Cavayon

Zon pou n siveye: Okay, Lezangle, Chadonye, Tibiron, Potapiman, Koto, Kanperen

Sides: Jakmel

Prevansyon pou cyclone pou nou evite malè

Nou paka anpeche siklon pase, Sel bagay nou gen pou fe se fe prevansyon. Prevansyon sa yo gen 3 aspe ladan yo:

  • Amenajman teritwa : Le nap konstwi vii nou dwe konnen nou se yon peyi sikon. ( Nou pa dwe konstwi bo lanme, bo rivye, sou teren glise, e nou dwe pozisyone kay la pou Ii pa pran twop van). Konstriksyon yo dwe solid, yo pa dwe tou pre pye bwa. Fondasyon yo dwe byen djanm, twa kay la dwe byen chita . Pot ak fenet yo tou dwe solid .

  • Siveyans siklon: Gen yon sant meteo an Ayiti. Li gen pou wol suiv siklon yo, suiv rout yo ap pase. Se satelit ki pemet nou mezire entansite, vites van ak rout siklon yo. Se sa ki fe nou ka bay alet , pase konnsiy pou nou Iimite dega.

  • Alet pou popilasyon ak enfomasyon sou sa nou dwe konnen: Mete nou alabri, koute radyo pou enfomasyon, suiv konsiy, veye le pou nou kite zon danje yo

Sou ki fom siklon ka vini

  • Van kraze brize: Vyolans van yo, ki kapab chanje direksyon bridsoukou, ka lakoz gwo gwo dega. Gen relasyon ant fos van ak vites la. Fas van an kapab rivejouska 6.1019 joul pa j ou. Kantite eneji ki libere le sa a kapab egal 5 bonm atomik. Bonm parey sa kite kraze Irochima nan peyi Japan pandan 2e ge mondyal la.

  • Lapli: Chak siklon vini ak fom lapli pa yo. Relyef teak si siklon Ian ap vanse dousman kapab fe lapli vin pi fo et pi plis. Le sa kapab genyen inondasyon ak deboulonnay te ki ka lakoz moun mouri ak gwo dega materyel.

  • Lanme move: Sa nou rele woul siklon nan (gwo lanme) ka deplase pi vit ke siklon nan limenm; Ii ka rive sou yon distans 1000 km avan siklon nan. Lanme a kapab monte byen wo: sa rele mare tanpet, se yon fenomen ki ka lakoz anpil moun mouri. An 1970, yon mare tanpet te fe 300 mil mo Benngladech.

Konsekans yon siklon

  • Sou moun: Siklon yo lakoz anviwon 6 mil moun mouri chak lane, san konte moun ki blese ak moun ki pedi kay yo. Deboulonnay te, moun dlo pran, gwo van lakoz pi plis Ianmo toujou.

  • Sou ekonomi: Siklon konn kraze tou ekonomi peyi kote Ii pase: kraze kay, kraze pon, wout, ray tren, deteryore zouti pwodiksyon, andomaje sistem kaptaj dlo, rezo telefon, rezo kouranNan lane 2005, siklon Katrina a kite tiye anviwon 1 500 moun te frape Lwizyan ak Misisipi fo anpil. Se katastrof kite koute Etazini plis lajan (80 milya dola). Avan siklon sa a, Nouvel- Oleyan te genyen 485 mil abitan. Apre siklon nan Ii vin gen 220 mil abitan paske se mwatye vii la selman kite rebati.

  • Sou anviwonman: Siklon yo kab lakoz plizye tip dega: detwi jaden, plantasyon, tiye anpil bet, detwi pye bwa nan fore, inonde vii, polye kot yo, akoz bato ki ta koule ak gwo enstalasyon ki degrade

Siklon ki bat rekò

Siklon ki te pi fa: Wilma, Ii te pase nan Atlantik nan lane 2005: presyon atmosfe a te 882 Ektopaskal. Vites van yo te plis pase 280 km ale nan mitan siklon nan. Siklon TIP ki te pase nan Pasifik la an 1979: presyon Ii te 870 Ektopaskal, van yo te vante a 306 km ale .

    • Siklon ki pi gwo: TIP (1979): dyamet Ii te mil 100 km.

    • Siklon kite dire plis tan yo: John kite pase nan Pasifik la nan lane 1994, Ii te dire 31jou, Ii te koumanse nan mwa out pou Ii fini an sektanm. Ginger (Ii Djindje) kite pase nan Pasifik la an 1971, Ii te dire 28 jou.

    • Siklon ki fe plis lapli:.. Nan zile ki rele Reyinyon an, te gen yon siklon kite fe1824 mm lapli nan 24 ed tan an 1952, soti 15 pou rive 16 mas, toujou an 1952, menm siklon nan te fe 3 854 mm nan 5 jou, Ii te koumanse13 mas e Ii te fini 18 mas.

Siklon kite touye plis moun: Siklon Holland kite pase sou Benngladech, Ii te lakoz 300 mil moun mouri nan lane 1993.

    • Siklon ki fe plis dega: Katrina kite pase an Lwizyan an 2005; se katastrof ki tefe Etazini pedi oubyen depanse plis kob (80 milya dola).

Nan peyi nou, Ayiti, depi mwa jen pou rive mwa desanm se peryod siklon ann Ayiti, menm si pandan 100 lane ki sot pase la yo te plis gen siklon nan mwa dawou rive mwa sektanm . Si nou analize sezon siklon 2008 la, nap we gen 4 siklon kite pase nan mwens yon mwa, 18 out pou rive 9 sektanm (Fay, Gustave, Hanna, Ike).

             N.B. KEK SIKLON Kl TE FRAPE AYITI FO

  • Siklon Hazel, kategori 4, travese Ayiti soti 11 rive 12 oktob 1954. Hazel touye plis pase mil moun (genyen sous ki rapote plizye milye moun te mouri), kraze plizye vii ak kominote. Li kraze tou anviwon 40 % kilti kafe nou ak 50 % kilti kakao nou.
  • Siklon Flora pase 3 oktob 1963. Li touye plis pase 5 mil moun et Ii ravaje depatman Sid ak depatman Lwes.
  • Siklon Cleo pase 24 out 1964. Li sitou frape Okay Difon (Sid) e touye anviwon 200 moun.
  • Siklon Ines pase 29 sektanm 1966. Life plizye milye viktim nan depatman Sid akLwes.
  • Siklon Allen pase 5 out 1980. Li koz Ianmo 200 moun.
  • Siklon Gordon pase 12 ak 13 oktob 1994. Life inondasyon nan depatman zon sid peydAyiti, sitou nan Jakmel; Ii lakozanviwon 2 mil moun mouri.
  • Siklon Georges pase 23 sektanm 1998; Ii frape Sides ak Nodwes e Ii lakoz anviwon 200 moun mouri.
  • Siklon Jeanne pase 18-19 sektanm 2004; Ii lakoz plis pase 2 mil moun mouri; Ii te sitou frape vii Gonayiv.
  • Tanpet twopikal Fay pase 16 out 2008; Ii fe yon dizen viktim nan peyi ya; Ii lakoz inondasyon ki kraze anpiljadin.
  • Siklon Gustave pase 26 out 2008; Ii frape depatman Sid ak Grandans e Ii tiye 80 moun.
  • Siklon Hanna rive premye sektanm 2008; Ii frape depatman Latibonit ak Nodes, Ii touye anviwon 50 moun epi Ii inonde vii Gonayiv.
  • Siklon Ike (Ii Ayk) pase 6 sektanm 2008, sou Ianme zon nodwes Ayiti. Men Ii telman fe lapli sou peyi ya, gen yon venten moun ki mouri Kabare, nan depatman Lwes.
  • Tanpet twopikal Isaac, 25 out 2012, ak siklon Sandy, 25 – 26 oktob 2012, frape 7 depatman nan peyi ya, sitou Sid, Sides, Grandans, Nip ak Lwes. Bilan : 80 moun mouri, 62 moun blese, 24 moun yo pa weak dega pou plis pase 600 milyon dola ameriken sou kay, jaden, bet, lapech, wout; 30 sistem dlo kraze e 150 lek6I andomaje oubyen kraze (DPC et MINSUTAH, oktob 2012).

Kisa nou dwe fè

Ann prepare pou sezon siklon

  1. Cheche konnen si kay ou rete ladan Ian pa nan zon inondasyon, glismann te oubyen eboulman te ...

  2. Cheche konnen kote abri pwovizwa yo ye.

  3. Gade si tet kay OU solid e si pot ak fenet yo solid tou. Ranfose yo si yo pa solid.

  4. Koupe branch bwa ki pandye sou kay ou ak sou fil kouran ki pre kay ou pou evite danje le gen gwo van ak lapli.

  5. Prepare yon kit ijans ak yon bwat zouti (al gade planch 8 la).

  6. Cheche yon kote ansekirite pou mete bet yo si gen kouri.

  7. Tande radyo, gade tele, al sou entenet pou ka enfome ou;

  8. Prepare yon plan ijans pou ou ak fanmi ou (al we planch 7)..

Faz pre-alet II (2jou avan yon siklon rive)

  1. Koute oubyen pran nouvel meteyo. Pa bay rime enpotans.

  2. Mete tout papye enpotan ansanb. (Al gade anko kit ijans, planch 7).

  3. Mare bet ou yo pre kay ou. Konsa ou pap bezwen ale lwen le yo mande ou pou pa deplase.

  4. Sekirize fenet ou yo pou pi ban pwoteksyon.

  5. Gade pou we si yon pot au yon fenet ka louvri nan lotbo kay la kote van pap frape ya pou ka rive soti si ou an danje.

  6. Foul machin ou gaz si zon kote ou ye a menase. Konsa, ou a gen rezev pou sizanka.

Faz alet 1 (yonjou avan yon siklon pase)

  1. Si ou rete nan yon zon danje, ou si ou abite kote yon ravin, yon rivye oubyen sou plaj, pran dispozisyon pou ale nan yon abri (refij), ou nan yon kay ki nan yon zon san danje.

  2. Mete bet ou yo nan yon kote ou te planifye pou sa.

  3. Mete an sekirite tau sa van ka pate ale e ki deyo kay la: panye. zouti, afich, lamp pou dekore, anpoul…

  4. Desann tau sa ki anle e ki lou tankou anten, ansey, kokoye ki pandye sou kay la pou evite yo tonbe sou kay la oubyen pou van pa pate yo ale;

  5. Dekwoche tau sa ki leje: tabla, ankadreman, liv, biblo, revey, materyel pou biwo e mete yo nan sache. Retire tau sa ki sou etaje pou yo pa ton bee fe dega.

Faz alet I (yonjou avan yon siklon pase (nap kontinye)

  1. Mete adezif sou vit fenet ak pot yo. Kouvri fenet ak pot yo ak yon moso twal sou andan pou ou pa blese ak moso vit.

  2. Pa ale two lwen lakay ou sitou si ou pa seten ke ou ka tounen avan siklon nan rive.

  3. Pa ale nan lanme. Si ou deja nan lanme, soti byen vit.

  4. Mare kannotyo lwen rivaj la.

10 . Si genyen yon dam nan kay la ki pre akouche, mennen I nan lopital ki pi pre a pou si I ta gen tranche pandan siklon ap pase.

Faz alet II (demi jounen avan yon siklon pase) E pandan siklon nan ap pase

  1. Pa kite kay ou si Ii solid e si Ii nan zon ki pa ka inonde oubyen si Ii pa bo lanme. Si ou kite kay ou ou ka andanj e.

  2. Si ou panse kay kote ou ye a andanje, ale nan refij ki pi pre a.

  3. Rete anndan kay jiskaske siklon nan pase.

  4. Si pandan siklon nan ou we kay la ap fisire, al abrite ou anba yon tab ou anba yon lento pot oubyen yon kote nan kay la ou santi ou an sekirite.

  5. Pa rete deye pot ak fenet ki an vit. Van oubyen bagay van ap bwote ka kraze pot ak fenet ki an vityo.

  6. Pa rete sou balkon pou pa ton be.

Faz alet II (demi jounen avan siklon pase e pandan siklon ap pase (nap kontinye)

  1. Veye pou anyen pa ton be sou tet nou. Si tet kay la fet an tuil, veye pou moso tuil pa tonbe e blese nou.

  2. Rete veyatif, poze, tande nouvel pou nou suiv kijan siklon nan ap evolye.

  3. Desann switch kouran an pou evite dife pran.

  4. Pa pase alimet, pa limen balen , pa limen lanp kerozen le siklon ap pase. Bagay sa yo ka mete dife. Sevi ak yon brike o yon flash pita.

  5. Pandan siklon ap pase, van yo ka rete bridsoukou. Sa vie di nou nanje siklon nan pou yon titan. Pa deplase . Van yo pral kontiye soufle nan lot sans Ian.

Lè siklon fin pase

  1. Gade kay la byen gade pou ou we si Ii pa gen mak fann oubyen lot bagay, epi ranfose I si I bezwen sa.

  2. Ranje kay nou. Lave ak klowoks tout sa nou konn sevi nan kizin nou, tout sa nou genyen ki te tonbe nan ma dlo sal, jete manje ak medikaman ki pa bon yo pou nou pa trape maladi.

  3. Pa bwe dlo ki pa trete. Pa manje manje ki gate . Sa se danje pou sante nou .

  4. Ouvri pot ak fenet pou n kite anpil le antre nan chanm yo pou n chase imidite.

  5. Toujou konseve kit premye swen nou, paske nou toujou ka blese.

  6. Pa manyen fil kouran ki dekale yo pou nou pa pran nan kouran.

  7. Toujou mete sandal oubyen soulye nan pye nou le nap deplase pou nou pa blese.

  8. Pa benyen nan lapli ak nan pisin pou nou pa atire bray sou nou.
  1. Al chache laswenyay pou viktim yo. Se vi moun nap sove le sa a.

  2. Fe rapo sou dega ki fet yo bay Pwoteksyon sivil. Nou ka ale ak foto, videyo . Konsa n ap ede otorite yo rezoud pwoblem yo pi byen nan zon nou an.

  3. Toujou kontinye koute radyo pou nou kapab enfome nou.

  4. Pa gaspiye tires kouran nou genyen, ni pil nou, ni batri nou yo.

  5. Kontinye konseve dlo potab paske nou kab fe anpil tan san dlo potab.

  6. Toujou gade kote nou sere manje yo pou nou we si yo pa gate.

  7. Pa ale nan zon ki gen gwo dega yo, nou kapab ale selman si nou kalifye pou n bay sipo nou.

  8. Pote atansyon sou prezans mwazi (ode mwazi, ode alkol, ode te ya, tach vet oswa nwa ate a OU byen sou mi yo) ki kapab bay pwoblem sante. Si ou gen pwoblem sante, al nan dispanse, nan sant sante oubyen nan lopitaI ki pi pre ou.

  9. Pa manyen fil kouran ki pandye. Kouran ka touye ou.

  10. Pran konsey you elektrisyen avan ou rebranche kouran an. Pa itilize aparey ki mouye oubyen ki gen pwoblem.

  11. Pa deplase si ou pa bezwen. Si ou dwe deplase, mete soulye nan pye ou pou pa blese.

  12. Pa benyen nan pisin, nan lapli pou loray pa ton be sou ou.

  13. Ale cheche swen pou moun ki viktim. Si gen moun ki blese, rele Pwoteksyon sivil, Kwa Wouj, Lapolis. Ou ka sove lavi anpil moun konsa.

  14. Toujou koute radyo pou enfame ou.

  15. Evite ma dlo. Pa kondui si Ii pa nesese. Kondui ak prekosyon si ou gen ijans.

  16. Si ou ap kondui e ou we mote machin nan kale, soti kite machin nan.

  17. Fe foto OU videyo dega dlo fe sou kay OU kom prev pou otorite yo ak konpayi asirans yo. Konseve resi ou prev ou genyen pou sa ou te achte pou ka fe reklamasyon si nesese.

  18. Ranmase fatra e res zannimo ki mouri.