Bilan pasyèl gwo lapli ki tonbe sou depatman Sid la soti 6 pou rive 8 Novanm 2020 an

Bilan pasyèl gwo lapli ki tonbe sou depatman Sid la soti 6 pou rive 8 Novanm 2020 an

Pòtoprens, Jedi 12 Novanm 2020.- Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil prezante bilan pasyèl li apwè lapli ki te rive tonbe sou Depatman Sid la.

Dènye lapli ki tonbe yo lakòz inondasyon ki agrave sitiyasyon depatman sila ki anrejistre dega sou kay, wout, jaden ak bèt ki pèdi selon enfòmasyon ki soti nan Direksyon Depatmantal Sid la.

Bilan:
⁃ Yon moun mouri
⁃ 3810 fanmi sinistre
⁃ 50 fanmi ale nan abri
⁃ Anpil wout nan seksyon kominal yo bloke
⁃ Larivyè yo desann
⁃ Deboulonnay tè ak eboulman nan 3è seksyon kominal Kanperen.
⁃ Evalyasyon ap pouswiv pou rive konnen kantite jaden ak bèt ki pèdi

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil kontinye mande popilasyon an pou rete veyatif epi aplike konsiy otorite yo pou evite dega nan sezon siklòn nan.

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<