AYITI: VIJILANS JÒN NAN KENBE PARAPÒ AK FIONA

AYITI: VIJILANS JÒN NAN KENBE PARAPÒ AK FIONA

Pòtoprens, Dimanch 18 Septanm 2022:-Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik epi Sekretarya Pèmanan k ap jere Ris ak Dezas ap enfòme popilasyon an an jeneral ke tanpèt twopikal FIONA pase nan faz ouragan kategori 1.

Selon previzyon yo, sant ouragan an ap travèse Pòtoriko jodi a pou li rive nan kòt Ès, Nò ak Nòdès Sendomeng aswè a oubyen demen lendi a.  Dapre dènye wout li ka pran yo, li riske frape divès depatman peyi Dayiti tou. Li kapab charye gwo van ak  menas glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon. 

Nan sans sa a, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik epi Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas kenbe vijilans jòn sou tout peyi a, sitou depatman ki sou kòt Nò yo, epi mande popilasyon an pou rete veyatif. Kontinye swiv enfòmasyon meteyo yo epi mete an pratik konsiy otorite yo, anvan ouragan an pase, pandan l ap pase ak apre li fin pase.

 

        –FINISMAN-

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<