Pòtoprens, 9 Septanm 2021.-Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap raple enstitisyon ki nan Sistèm Nasyonal k ap jere Risk ak Dezas yo ansanm ak lòt patnè nasyonal ak entènasyonal yo genyen nesesite pou yo kontinye ede fanmi ki te frape nan tranblemann tè 14 dawout 2021 an.
Nan lide pou vanse nan rezoud pwoblèm ki pi ijan ak vital pou popilasyon an, sitou nan kontèks sezon siklòn nan, li enpòtan pou genyen distribisyon lòt pwodui ki kapab pèmèt fanmiy yo jwenn kote pou rete nan bon kondisyon lijyèn epi pou pwoteje tèt yo nan moman move tan yo.
Sou kesyon sila, Direktè Jeneral pwoteksyon sivil la deklare : « tranblemann tè 14 dawout la vin fè pati yon ansanm pwoblèm peyi a ap jere, tankou yon kriz politik san parèy, inegalite sosyal, san konte sitiyasyon ensekirite a, pandemi kowonaviris la, ajoute sou sa, sezon siklòn nan ki rive nan mwatye wout. Konsa, nou oblije itilize resous nou genyen yo pou nou kapab reponn ak bezwen ki pi enpòtan pou popilasyon an, yon fason pou anpeche moun ki plis nan nesesite yo tonbe nan sitiyasyon ki pi difisil toujou ».
Travay pou pote asistans bay popilasyon an dwe kontinye sitou nan zòn kote li pi difisil pou èd la rive. Travay sa yo mande pou nou konsidere degre vilnerablite viktim yo. Konsa, operasyon distribisyon yo dwe touche san mank moun ki nan sitiyasyon andikap yo, granmoun yo, timoun ak fanm ansent ak lòt moun ki gen bezwen espesyal yo.
Pou kapab byen reponn ak bezwen viktim yo sitou nan sa ki gen pou wè ak swen sante epi abri pwovizwa, aktè ki nan gouvènman an ak aktè imanitè yo dwe konsidere travay evalyasyon ki fèt sou teren an nan lide pou pèmèt popilasyon an jwenn bonjan bourad k ap ede l remonte pant lan kòmsadwa.
Sant Operasyon Ijans Nasyonal la kontinye fè tout jefò pou kowòdone èd imanitè ki antre nan peyi a epi fè l rive nan depatman Grandans, Nip ak Sid, nan sousi pou pèmèt viktim yo jwenn resous ki nesesè pou amelyore kondisyon lavi yo. Operasyon solidarite yo, ansanm ak travay aktè nasyonal ak entènasyonal yo deja pèmèt plis pase 70 000 fanmi jwenn asistans ka yo merite.
-FEN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !