#AYITI #METEYO #TTELSA

#AYITI #METEYO #TTELSA

Premye jiyè 2021:-Yon Ond Twopikal aktif ki lokalize sou zile Karayib yo kapab lakòz pasaj yon move tan sou Ayiti pou jounen Jedi 1e Jiyè 2021 an.

Sitiyasyon sa a kapab fasilite aktivite lapli ak loray sou Ayiti nan plizyè depatman tankou Lwès, Latibonit, Sant, Gandans, Nip, Nòdwès ak Sidès soti nan fen jounen an rive aswè.

Pandan tan sa a, tanpèt twopikal Elsa ki lokalize l sou Sidès Zile Karayib yo menase pou pase sou Ayiti nan 72 èd tan epi k ap charye gwo van ak lapli sou wout li.

Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik la ap kontinye suiv evolisyon tanpèt twopikal Elsa pandan n ap pwofite mande tout moun alawonbadè  pou yo rete veyatif parapò ak sezon seklonik lan ki kòmanse depi 1e Jen 2021 an.

#prandevan?
Enfòme, Prepare, Aji‼️
TTElSA???

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<