Latibonit, 17 me 2023:.Direksyon jeneral pwoteksyon sivil ap enfòme tout moun sou òganizasyon yon egzèsis similasyon k ap fèt nan depatman Latibonit, espesyalman nan vil Gonayiv, Gwo Mòn, Ans Wouj ak Tènèv, jou vandredi k ap 19 me 2023 a.
Egzèsis similasyon sa yo ap fèt nan lide pou ede popilasyon depatman an pi byen prepare pou diminye konsekans menas tranblemanntè ak sounami ki pandye sou tèt li.
Egzèsis similasyon yo ap òganize tou nan objektif pou evalye epi ranfòse kapasite estrikti lokal, kominal ak depatmantal yo, tankou Pwoteksyon Sivil, Sektè Sante, Edikasyon, elatriye…Y ap ede nou kòdone epi pote premye sekou bay popilasyon ki kapab afekte lè gen sitiyasyon ijans tranblemanntè ta lakòz.
Pral gen gwo evakyasyon nan Sant-Vil Answouj la kote plizyè santèn elèv pral kite zòn danje sounami sou bodmè a pou rann yo nan sit rasanbleman komin nan prevwa pou sa.
Direksyon jeneral pwoteksyon sivil konte sou kolaborasyon tout moun fanm kou gason, nan komin Gonayiv, Gwo Mòn, Answouj ak Tènèv, pandan l ap mande yo rete tèt frèt nan moman lansman sirèn k ap anonse kòmansman ak finisman aktivite yo ».
-Finisman-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !