Pòtoprens dimanch 15 dawout 2021.- Depi byen bonè nan maten dimanch 15 dawout 2021 an, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, Inite Idwometeyowolojik ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas deside mete Ayiti anba vijilans jòn poutèt depresyon twopikal k ap avanse sou Dominikani.
Mwens pase yon senmenn apre pasaj depresyon twopikal Fred sou zile a, siklòn Grace sou wout pou frape Ayiti. Dimanch, sistèm nan te twouve li a 320 kilomèt sid-sidès Sendomeng, nan Dominikani. L ap deplase ak yon vitès 24 kilomèt alè e li charye van pote dèyè li plis pase 55 kilomèt alè.
Daprè previzyon Inite Idwometeyowolojik yo, depresyon twopikal Grace, ki mache ak gwo rafal van, lapli ak loray, ta dwe travèse rejyon Nò peyi a, soti lendi 16 dawout nan aswè pou rive samdi 17 dawout nan maten.
Fenomèn nan san lè pase sou lòt rejyon yo tou, sitou sou preskil Sid la. Sa ki ka konplike sitiyasyon an nan plizyè komin ki deja anba gwo difikilte, e ki ka lakòz ralantisman nan repons a tranblemanntè sou rejyon Sid la.
Pou rezon sa yo, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an pou rete veyatif pandan l ap kontinye suiv enfòmasyon meteyo yo epi aplike tout konsiy otorite yo bay nan moman pasaj yon siklòn sou peyi a.
-FEN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !