Pòtoprens, mèkredi 11 dawout 2021.- Depresyon twopikal #6 la pran fòs, li tounen tanpèt twopikal Fred depi madi swa, pandan l ap kontinye avanse sou Ayiti. Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas kenbe vijilans jòn nan poutèt bonkou lapli, loray ak rafal van ki ka frape peyi a.
Dapre previzyon yo, tanpèt la ap pase sou Dominikani pandan jounen mèkredi 11 dawout la epi li sipoze rive sou kòt Nò peyi a pita nan aswè ak demen jedi a nan lajounen.
Dapre dènye wout li ka pran yo, se vre l ap pase nan Nò Ayiti, men li riske frape zòn Sid la tou. Tanpèt twopikal Fred pote gwo menas glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon pou preske tout peyi a.
Nan sans sa a, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas mande popilasyon an pou rete veyayif, kontinye swiv enfòmasyon meteyo yo epi mete an pratik konsiy otorite yo, anvan siklòn nan pase, pandan l’ap pase ak apre li fin pase.
–FINISMAN–
Bon travay mes chers camarades!