Pòtoprens, 3 fevriye 2021:- Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil konstate genyen yon fo nouvèl k ap sikile sou rezo sosyal yo konsènan pasaj yon swadizan siklòn ki menase Ayiti.
Nan sans sa a, Direksyon jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwo Meteyowolojik Ayiti pote yon demanti fòmèl sou seri enfòmasyon sa yo pandan n ap pwofite presize pou tout popilasyon an, sezon siklòn nan kòmanse nan mwa jen pou rive nan mwa novanm.
Aktivite lapli k ap pase sou kèk depatman depi nan kòmansman semèn nan se rezilta pasaj yon van frèt sou zòn Atlantik Nò a. Move tan sa ki pa epanye Ayiti, lakoz plizyè depatman gen lapli soti nan aprèmidi pou rive aswè. Dayè, aktivite lapli yo ap kontinye sou peyi a pou rive samdi 6 fevriye 2021.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil prepare epi pibliye yon kantite enfòmasyon konsènan sitiyasyon meteyowolojik yo nan kolaborasyon ak Inite Idwometeyowolojik Ayiti. Enfòmasyon sa yo pèmèt popilasyon an konnen kondisyon tan yo epi kisa pou li fè nan pasaj move tan yo.
N ap pwofite mande medya yo, enfliyansè sou rezo sosyal yo ansanm ak lòt patnè nou yo pou kontinye kolabore nan fè pase enfòmasyon ki disponib yo nan moman move tan.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap pwofite presize pou tout popilasyon an se Sistèm Nasyonal k ap jere Ris ak Dezas an Ayiti ki sous ofisyèl nan kad piblikasyon enfòmasyon sou kondisyon tan an.
Direksyon jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout popilasyon an kontinye enfòme yon fason pou fè atansyon epi pran prekosyon nan moman move tan yo.
-Fen-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !