AVI POU MEDYA YO

Fè mesaj sekirite konsènan danje siklòn ak move tan yo pase pi plis toujou

Pòtoprens, Madi 6 jen 2023. – Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande medya yo, enfliyansè entènèt ak lòt patnè li yo pou pote kole nan fè pase mesaj sekirite ki gen rapò ak siklòn twopikal ak lapli, nan moman gen plizyè ond twopikal k ap pase sou Lanmè karayib yo.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil prepare epi rann disponib yon seri pwodwi kominikasyon pou byen enfòme ak sansibilize sitwayen yo, fanm tankou gason, sou danje ki genyen nan siklòn ak move tan “lapli” ak dispozisyon pou yo pran pou pwoteje tèt yo. An menm tan, l ap kontinye difize mesaj pou ede popilasyon an prepare li, ak mwayen tradisyonèl li abitye fè sa epi medya sosyal yo.

Inite Idwometeyolojik peyi a ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap swiv sitiyasyon sila depi nan kòmansman semèn nan. Akoz sòl plizyè lokalite nan peyi a deja resevwa anpil dlo, move tan sila ka vin mete abse sou klou moun ki rete nan zòn danje yo.

Poutèt sa, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an pou :

  • Kontinye swiv nouvèl meteyo ;
  • Swiv konsiy otorite yo ;
  • Mete ti manje ki p ap gate nan kay la ;
  • Prepare pou w deplase ale yon kote ki pi asire si w rete nan zòn ki konn inonde, glisman teren, deboulonnay (tankou bò lanmè, ravin, rivyè ak nan flan mòn).

 

-FINISMAN-

 

 

 

Tanpri swiv nou pou nou jwenn tout dènye enfòmasyon yo :

http://www.facebook.com/pajpwoteksyonsivil

www.pwoteksyonsivil.blogspot.com

www.pwoteksyonsivil.gouv.ht

http://www.meteo-haiti.gouv.ht/vigilance.php

 

Aucun commentaire trouvé.

Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !

<