Pòtoprens, 29 Oktòb 2023.- Inite Idwometeyolojik peyi d Ayiti kenbe avi inondasyon li te lanse pou wikenn nan, poutèt bonkou lapli ak loray ki prevwa frape plizyè depatman peyi a jiska 31 oktòb.
Vrèman vre, gen yon sant bas presyon ki twouve li nan Nò Dominikani ansanm ak yon zòn move tan. Yo kontinye lakoz yon sitiyasyon meteyolojik enstab nan Atlantik la ak Gwo Zantiy yo.
Sitiyasyon sa a kapab pwovoke gwo lapli ak loray sou peyi a, sitou nan depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès, Sidès ak Grandans.
Depatman Nòdwès, Nò, Nòdès, Lwès, Sidès ak Grandans anba menas inondasyon poutèt lapli ki prevwa tonbe sou peyi a, soti dimanch pou rive madi.
Inite Idwometeyolojik ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas yo epi Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, mande tout moun k ap viv nan zòn malè pandye inondasyon, deboulonnay tè ak glismann teren yo, rete veyatif epi pran tout prekosyon sekirite nan moman gwo lapli, loray ak kout van yo.
-Finisman-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !