Pòtoprens, vandredi 25 Mas 2022 .-Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik epi Sekretarya Pèmanan k ap jere Ris ak Dezas ap enfòme tout popilasyon an, sitou moun nan depatman gran Nò peyi Dayiti, kapab gen gwo aktivite lapli sou tout peyi a depi demen samdi 26 mas k ap vini la.

Nan sans sa a, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik ak Sekretarya Pèmanan mande tout moun k ap viv nan zòn malè pandye tankou inondasyon, deboulonnay tè ak glismann teren rete veyatif epi pran tout prekosyon sekirite moun dwe pran nan moman gwo lapli, loray ak kout van. Sitou moun k ap viv nan depatman Nò, Nòdès, Lwès ak Sid ki kapab anba menas inondasyon pandan tout wikenn nan.
–FINISMAN-
Aucun commentaire trouvé.
Personne n'a encore laissé de commentaire pour cet article !